Salmos 79
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch. 2Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje. 3Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo! 4Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 5Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 6Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. 7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a. 8Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt. 9O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou. 10Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule! 11Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non. 12Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo. 13Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.

Você sabia?
Um lamento pela destruição de Jerusalém
- O Salmo 79 é atribuído a Asafe, inserindo-se na coleção de salmos (Salmos 50 e 73–83) associados ao músico e vidente levita Asafe. No registro bíblico, o título também pode se referir aos filhos de Asafe, uma linhagem ou corporação de cantores e poetas do templo.Fontes: Asaph (Levite) · o próprio texto bíblico
- O salmo lamenta a profanação do santo templo, a redução de Jerusalém a ruínas e os corpos insepultos deixados ao redor da cidade. Jerusalém, conhecida como a cidade santa e uma fortaleza montanhosa, é descrita sofrendo uma invasão devastadora de nações vizinhas.Fontes: Jerusalem · o próprio texto bíblico
- O poema clama pelo socorro divino porque nações estrangeiras devoraram Jacó e devastaram a sua terra. Na tradição bíblica, o nome do patriarca Jacó é frequentemente utilizado de forma poética para designar toda a sua descendência e a sua terra.Fontes: Jacob (Israel) · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org