Nations Bible

Salmos 64

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1(064:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (064:2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo. 2(064:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo. 3(064:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon. 4(064:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen. 5(064:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou? 6(064:7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè. 7(064:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese. 8(064:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz. 9(064:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè. 10(064:11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Proteção contra tramas ocultas

  • O salmo retrata o discurso maldoso por meio de imagens bélicas, comparando palavras destrutivas e calúnias a espadas afiadas e flechas disparadas de emboscadas secretas contra os inocentes.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O texto apresenta uma reversão poética: enquanto os ímpios conspiram em segredo e disparam flechas verbais, Deus intervém atingindo-os com flechas repentinas e voltando suas próprias palavras contra eles.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.