Salmos 62
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. 2(062:3) Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'. 3(062:4) Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe? 4(062:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay. 5(062:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen. 6(062:7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'. 7(062:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen. 8(062:9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou. 9(062:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a. 10(062:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou. 11(062:12) An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete. 12(062:13) Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

Você sabia?
Somente Deus como Rocha e Refúgio
- O cabeçalho do salmo direciona o cântico ao regente do coro e o associa a Jedutum, um líder musical no antigo culto de Israel, bem como a Davi.Fontes: o próprio texto bíblico
- Para destacar a fragilidade e a falsidade humanas, o salmista contrasta Deus como uma rocha e fortaleza inabaláveis com inimigos comparados a uma parede inclinada, uma cerca prestes a cair e um mero vapor pesado na balança.Fontes: o próprio texto bíblico
- A expressão 'Deus falou uma vez; duas vezes ouvi isto' reflete um recurso poético hebraico comum, o paralelismo numérico progressivo, usado para enfatizar a certeza e a relevância de uma mensagem.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org