Salmos 43
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste. 2Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo? 3Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a. 4Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan. 5Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.

Você sabia?
Um Clamor por Justiça e Retorno
- O salmo é uma oração sincera pedindo que Deus atue como defensor e libertador contra uma nação ímpia e adversários enganadores, suplicando que a luz e a verdade divinas guiem o suplicante de volta ao monte santo e à habitação de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmista antecipa o retorno ao altar de Deus para oferecer louvores com a harpa, mantendo um diálogo interior para encorajar sua alma abatida a esperar em Deus, apesar da opressão e da tristeza.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org