Salmos 41
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. 2(041:3) Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'. 3(041:4) Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche. 4(041:5) Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou. 5(041:6) Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'? 6(041:7) Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou. 7(041:8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen. 8(041:9) Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò. 9(041:10) Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'. 10(041:11) Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite. 11(041:12) M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'. 12(041:13) Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan. 13(041:14) Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!

Você sabia?
Oração na Doença e na Traição
- O salmo começa com uma bênção para quem cuida dos pobres ou vulneráveis, associando a compaixão pelos necessitados ao socorro divino em tempos de enfermidade e aflição.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmista lamenta que até mesmo um amigo íntimo de confiança que partilhava do seu pão se voltou contra ele, destacando a grave quebra de lealdade e comunhão de mesa na sociedade antiga.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo é concluído com uma solene doxologia louvando ao Deus de Israel 'de eternidade a eternidade', selada com um duplo 'Amém'.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org