Nations Bible

Salmos 31

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1(031:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (031:2) Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen. 2(031:3) Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'. 3(031:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a. 4(031:5) Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'. 5(031:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li. 6(031:7) Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye. 7(031:8) M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye. 8(031:9) Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'. 9(031:10) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn. 10(031:11) Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. 11(031:12) Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen. 12(031:13) Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete. 13(031:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'. 14(031:15) Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen. 15(031:16) Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo. 16(031:17) Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'. 17(031:18) M'ap rele ou, Seyè. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik. 18(031:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo. 19(031:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! 20(031:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang. 21(031:22) Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a! 22(031:23) Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou. 23(031:24) Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo. 24(031:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Refúgio em Tempos de Angústia

  • O salmista retrata um severo sofrimento físico e isolamento social, descrevendo-se como um vaso quebrado e esquecido como os mortos, enquanto vizinhos e conhecidos fogem dele nas ruas.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Em meio a imagens de laços ocultos, conspiradores tramando contra a sua vida e uma cidade sitiada, o autor confia repetidamente o seu destino a Deus, declarando que o seu espírito e os seus tempos estão nas mãos divinas.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A composição transita do lamento individual e do temor de estar desamparado para o encorajamento comunitário, concluindo com uma exortação para que todos os fiéis sejam fortes e corajosos no Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.