Salmos 28
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere. 2Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a. 3Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo. 4Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite. 5Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè. 6Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'. 7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li. 8Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'. 9Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.

Você sabia?
Um Clamor por Misericórdia e um Cântico de Confiança
- Erguer as mãos em direção ao santuário era uma postura antiga e habitual de oração em Israel, demonstrando visualmente súplica, humildade e total dependência de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo passa de forma marcante de um clamor urgente por livramento da morte junto aos ímpios para uma alegre ação de graças, concluindo com a imagem pastoral de Deus pastoreando e sustentando Seu povo para sempre.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 2
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org