Salmos 25
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. 2Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz. 3Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi. 4Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a! 5Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen. 6Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. 7Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'! 8Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv. 9Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la. 10Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo. 11Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil. 12Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran. 13L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo. 14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a. 15Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa. 16Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs. 17Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a. 18Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo. 19Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen. 20Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache. 21Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye. 22O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.

Você sabia?
Uma oração por orientação e perdão
- O salmo associa a orientação divina ao perdão pessoal, pedindo a Deus não apenas que ensine os Seus caminhos e veredas, mas também que não Se lembre dos pecados e rebeldias da juventude do suplicante, recordando antes a Sua antiga misericórdia.Fontes: o próprio texto bíblico
- Embora a oração seja principalmente o clamor de um indivíduo em busca de livramento da solidão, aflição e inimigos hostis, seu último versículo se amplia em uma súplica coletiva para que Deus resgate todo o Israel de suas angústias.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org