Nations Bible

Salmos 22

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan? 2(022:3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. 3(022:4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou. 4(022:5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo. 5(022:6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa. 6(022:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz. 7(022:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen. 8(022:9) Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou? 9(022:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete. 10(022:11) Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen. 11(022:12) Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'. 12(022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la. 13(022:14) Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen. 14(022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi. 15(022:16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri. 16(022:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo. 17(022:18) Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'. 18(022:19) Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an. 19(022:20) Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou. 20(022:21) Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'. 21(022:22) Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè! 22(022:23) M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm. 23(022:24) Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li. 24(022:25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn. 25(022:26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo. 26(022:27) Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan. 27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li. 28(022:29) Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon. 29(022:30) Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li. 30(022:31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo. 31(022:32) Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Lamento, livramento e louvor universal

  • O cabeçalho do Salmo 22 orienta que o cântico seja entoado com a melodia 'A Corça da Manhã'. O poema começa com um doloroso clamor de desamparo, mas se transforma de maneira marcante em uma ação de graças pública diante da comunidade reunida.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O salmista compara seus ferozes adversários a 'fortes touros de Basã'. Basã era uma região fértil que se estendia de Gileade ao monte Hermom, destinada à meia tribo de Manassés e famosa por seus rebanhos fortes.Fontes: o próprio texto bíblico · Bashan
  • A segunda parte do salmo retrata o cumprimento de votos na 'grande congregação', onde uma refeição comunitária é repartida para que os aflitos comam e se fartem, anunciando os feitos de Deus às futuras gerações.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 12

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.