Salmos 20
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(020:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (020:2) Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou. 2(020:3) Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou. 3(020:4) Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li. 4(020:5) Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre. 5(020:6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'. 6(020:7) Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li. 7(020:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou. 8(020:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm. 9(020:10) Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!

Você sabia?
Oração pela vitória do rei
- O Salmo 20 está estruturado como uma liturgia real em favor do rei antes da batalha, pedindo a Deus que se lembre de seus sacrifícios e lhe conceda a vitória.Fontes: o próprio texto bíblico
- A oração pede socorro a partir do santuário e de Sião, a colina de Jerusalém conquistada por Davi onde ele estabeleceu sua cidadela real.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion
- Enquanto os exércitos do Antigo Oriente Próximo dependiam fortemente de carros de guerra e cavalaria para o poder militar, este salmo contrasta abertamente a força bélica com a confiança no nome do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 2
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org