Salmos 17
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti. 2Se ou menm ki pral fè m' jistis, paske ou wè kote jistis la ye. 3Ou mèt sonde kè m', ou mèt vin wè m' nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m' tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m'. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m'. 4Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo. 5Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale. 6M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou: 7Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou. 8Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou. 9Wete m' anba men mechan k'ap maltrete m' yo. Lènmi m' yo soti pou yo touye m', yo sènen m' toupatou. 10Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale. 11Kote m' fè, yo fann dèyè m'. Yo fin sènen m' nèt. Y'ap chache okazyon pou yo mete m' atè. 12Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m'. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m'. 13Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo. 14Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo. 15Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.

Você sabia?
Uma oração por proteção e vindicação
- O salmo utiliza metáforas vívidas de intimidade e abrigo divino, pedindo a Deus que guarde o suplicante como a menina dos seus olhos e o esconda à sombra das suas asas.Fontes: o próprio texto bíblico
- O autor descreve o perigo dos perseguidores hostis usando imagens predatórias, comparando-os a um leão feroz à espreita em emboscada para despedaçar a presa.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org