Salmos 142
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1(0142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (0142:2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a. 2(0142:3) M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen. 3(0142:4) Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen. 4(0142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'. 5(0142:6) Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a. 6(0142:7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'. 7(0142:8) Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.
Você sabia?
Uma Oração de Davi na Caverna
- O cabeçalho identifica este salmo como um Maskil, ou poema contemplativo e oração, associado ao momento em que Davi estava escondido em uma caverna fugindo de perseguidores mais fortes do que ele.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmista descreve uma sensação de total isolamento ao notar que ninguém está à sua direita para defendê-lo ou cuidar de sua vida, retratando sua aflição como um laço oculto e uma prisão.Fontes: o próprio texto bíblico
- Mesmo profundamente abatido, Davi confessa que o SENHOR é seu único refúgio na terra dos viventes e antecipa que os justos se reunirão ao seu redor quando ele for libertado.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org