Nations Bible

Salmos 139

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye. 2Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen. 3Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè. 4Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di. 5Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou. 6Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo. 7Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou? 8Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou. 9Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè, 10l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'. 11Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri. 12Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou. 13Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'. 14M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. 15Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. 16Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo. 17Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil! 18Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa. 19Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo! 20Yo anba chal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal. 21Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo? 22Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'. 23Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'! 24Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O Pleno Conhecimento e a Presença de Deus

  • O salmista utiliza extremos geográficos e cósmicos—subir aos céus, descer ao Seol (a morada dos mortos), voar nas asas da alvorada a leste ou habitar no mar mais distante a oeste—para ilustrar que nenhum lugar está fora da presença e da direção de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O salmo retrata a criação da vida humana por meio da imagem de ser tecido em segredo no ventre materno, ressaltando que Deus viu o corpo ainda informe antes mesmo de qualquer um de seus dias existir.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Após declarar completo afastamento dos homens ímpios e sanguinários, o autor conclui convidando Deus a examinar minuciosamente seu próprio coração, provar suas inquietações e corrigir qualquer caminho mau rumo ao caminho eterno.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.