Nations Bible

Salmos 137

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon. 2Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a. 3Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non! 4Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje? 5Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou. 6Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou. 7Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè! 8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a. 9Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!

Você sabia?

Lamento junto às águas da Babilônia

  • A Babilônia foi construída ao longo do rio Eufrates, que cortava o centro da cidade. Neste salmo, os exilados de Judá choram junto a essas águas, recusando-se a entoar os cânticos sagrados de Sião para entreter seus captores em terra estrangeira.Fontes: o próprio texto bíblico · Babylon
  • Sião era a colina fortificada de Jerusalém que se tornou sinônimo da própria cidade santa. O salmista faz um juramento de que sua língua se apegue ao palato e sua mão perca a destreza antes que ele se esqueça da memória de Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Jerusalem
  • O salmo condena os edomitas, descendentes de Esaú, por sua hostilidade durante a queda de Jerusalém, quando incentivaram os conquistadores a arrasar a cidade até os seus alicerces.Fontes: o próprio texto bíblico · Esau (Edom)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 7, 8
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 6, 7
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículo 7

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.