Salmos 135
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a, 2nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li! 3Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou. 4Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li. 5Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo. 6Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè. 7Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a. 8Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip. 9Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo. 10Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa: 11Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo. 12Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete. 13Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou! 14Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo. 15Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. 16Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. 17Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo. 18Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. 19Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a! 20Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li! 21Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!

Você sabia?
Louvando o Deus Soberano de Israel
- O Salmo 135 destaca Seom, rei dos amorreus, e Ogue, rei de Basã, como governantes proeminentes derrotados antes que Israel recebesse sua herança. Ambos os reis dominavam territórios a leste do rio Jordão e eram lembrados em cânticos israelitas por sua derrota durante a jornada rumo a Canaã.Fontes: o próprio texto bíblico · Sihon · Og
- O salmo encerra com uma liturgia dirigida a grupos distintos no culto: a comunidade geral ('casa de Israel'), a linhagem sacerdotal ('casa de Arão') e os demais ministros do templo ('casa de Levi') que serviam nos átrios da casa do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico · Aaron · Levi (patriarch)
- Para destacar o poder soberano de Deus sobre a criação e a história, o salmo O contrasta com os ídolos pagãos de prata e ouro. O texto descreve essas estátuas fabricadas como totalmente sem vida, desprovidas de fôlego e incapazes de falar, ver ou ouvir.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 8, 9
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 11
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 11
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 21
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 21
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org