Salmos 127
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen. 2Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi. 3Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa. 4Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn. 5Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.

Você sabia?
Bênção Divina e Família
- O cabeçalho identifica o Salmo 127 como um Cântico de Degraus atribuído a Salomão. Os versículos iniciais enfatizam que os empreendimentos humanos, como construir uma casa, vigiar uma cidade ou trabalhar longas horas pelo sustento, são inúteis sem a atuação e a bênção do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo compara os filhos da juventude a flechas nas mãos de um guerreiro, apresentando-os como herança e recompensa do Senhor. Ter uma casa cheia deles proporciona apoio e honra ao confrontar adversários junto à porta da cidade.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org