Salmos 10
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka? 2Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan. 3Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye. 4Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li. 5Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo. 6L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm. 7Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo. 8Li kache kò l' nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l' touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans. 9Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale. 10Li bese, li kwoupi kò l', malere yo tonbe nan men l'. 11Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'. 12Leve non, Seyè! vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo! 13Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen? 14Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa. 15Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou. 16Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a. 17Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj. 18W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.

Você sabia?
Um clamor por justiça contra os arrogantes
- O Salmo 10 retrata os opressores por meio de imagens vívidas de caçadores e predadores selvagens, comparando-os a um leão à espreita no matagal ou a alguém que arma emboscadas perto de povoados para apanhar os indefesos em uma rede.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os ímpios neste salmo são caracterizados pela crença na total impunidade, supondo falsamente que Deus esconde o rosto, se esquece e jamais lhes pedirá contas por sua violência.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em resposta à injustiça social, o salmista apela a Deus especificamente como o ajudador dos órfãos e o defensor dos oprimidos, pedindo-Lhe que quebre o poder do malfeitor.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org