Provérbios 27
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen. 2Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou. 3Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache. 4Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi? 5Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen. 6Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou. 7Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch. 8Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li. 9Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj. 10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen. 11Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo. 12Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. 13Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye. 14Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon. 15Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen. 16Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou! 17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. 18Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. 19Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye. 20Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun. 21Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye. 22Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt. 23Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. 24Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. 25Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. 26Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. 27W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.

Você sabia?
Amizade, Prudência e Diligência Diária
- Provérbios 27 dá grande ênfase aos relacionamentos autênticos, contrastando os beijos enganosos de um inimigo com as feridas leais feitas por um amigo. O texto descreve a interação interpessoal construtiva com a célebre metáfora do ferro afiando o ferro, além de recomendar a ajuda de um vizinho próximo em vez de um parente distante em momentos de crise.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo utiliza ilustrações práticas tiradas de ofícios e da vida doméstica da antiguidade, como o refino de prata e ouro no cadinho e no forno, a moagem de grãos com almofariz e pilão, e a observação do próprio reflexo na água.Fontes: o próprio texto bíblico
- A seção final descreve a realidade sazonal de uma economia agropastoril. O texto incentiva a supervisão cuidadosa dos rebanhos e manadas, lembrando que riquezas e coroas reais não duram para sempre, enquanto o cuidado diligente da terra e dos animais garante vestimentas, leite de cabra e alimento para a casa.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org