Provérbios 17
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman. 2Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit. 3Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun. 4Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti. 5Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'. 6Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit. 7Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti. 8Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè. 9Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado. 10Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt. 11Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'. 12Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute. 13Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou. 14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou. 15Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo. 16Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann. 17Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou. 18Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun. 19Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo. 20Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka. 21Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan. 22Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye. 23Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt. 24Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle. 25Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'. 26Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal. 27Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann. 28Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.

Você sabia?
Sabedoria para os relacionamentos, a fala e o coração
- As antigas técnicas metalúrgicas usavam cadinhos para a prata e fornalhas de alto calor para o ouro a fim de separar o metal precioso das impurezas. O provérbio utiliza esse processo de refino para ilustrar como o Senhor examina e prova as motivações mais profundas do coração humano.Fontes: o próprio texto bíblico
- A imagem de iniciar uma contenda como o rompimento de uma represa reflete os antigos diques de irrigação e contenção de água. Uma pequena rachadura em uma barragem de terra rapidamente se alarga em uma torrente incontrolável, ilustrando por que os conflitos devem ser contidos antes de se espalharem.Fontes: o próprio texto bíblico
- Na literatura sapiencial bíblica, a moderação na fala e a manutenção de um espírito calmo são marcas essenciais de entendimento. Provérbios observa que o silêncio está tão associado à prudência que até mesmo o insensato que refreia suas palavras pode ser considerado sábio.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org