Provérbios 12
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann. 2Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan. 3Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen. 4Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. 5Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou. 6Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje. 7Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la. 8Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan. 9Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou. 10Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray. 11Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye. 12Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo. 13Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa. 14Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè. 15Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo. 16Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann. 17Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje. 18Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd. 19Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. 20Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan. 21Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou. 22Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. 23Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt. 24Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun. 25Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan. 26Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo. 27Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li. 28Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.

Você sabia?
Sabedoria na fala, no trabalho e na vida cotidiana
- Provérbios 12 enfatiza o valor do trabalho agrícola árduo e da diligência em vez da busca por ilusões. Os provérbios contrastam o trabalho constante, como cultivar a terra e preparar a caça obtida, com a preguiça que resulta em trabalhos forçados e desperdício de recursos.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo destaca o poder da fala, comparando palavras precipitadas a golpes de espada e a língua dos sábios à cura. O discurso verdadeiro é descrito como duradouro, enquanto as mentiras trazem danos e duram apenas um instante.Fontes: o próprio texto bíblico
- A conduta ética nessa coleção se estende ao cuidado com os animais, afirmando que a pessoa justa cuida da vida e do bem-estar do seu rebanho, ao passo que a compaixão dos ímpios é cruel.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org