Nations Bible

Números 9

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nan premye mwa dezyèm lanne apre yo te soti kite peyi Lejip la, Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa: 2-Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l' la. 3Katòzyèm jou premye mwa a, lè solèy fin kouche, n'a fete fèt la dapre tout lòd ak regleman mwen te ban nou pou sa. 4Moyiz di pèp Izrayèl la pou yo fete fèt delivrans lan. 5Epi yo fete fèt la nan aswè katòzyèm jou premye mwa a, nan dezè Sinayi a. Pèp la fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 6Men, vwala te gen kèk moun ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske yo te manyen kadav yon moun mouri. Yo pa t' kapab fete fèt delivrans lan jou sa a. Yo leve, y' al jwenn Moyiz ak Arawon. 7Yo di yo: -Nou pa nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske nou te manyen yon kadav moun mouri. Men, poukisa nou pa ta ka pote ofrann nou yo bay Seyè a jou sa a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo? 8Moyiz reponn yo: -Rete tann jouk Seyè a va ban m' lòd sa pou m' di nou. 9Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 10-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yonn nan nou, osinon yonn nan pitit pitit nou yo, twouve li pa ta nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske li te manyen kadav yon moun mouri, ou ankò si li ta nan vwayaj byen lwen, l'a toujou ka fete fèt Delivrans lan pou Bondye. 11Y'a tann katòzyèm jou dizyèm mwa a, lè sòlèy fin kouche, pou yo fè l'. Y'a manje manje Delivrans lan avèk pen san ledven yo epi ak fèy lanman. 12Yo p'ap gen dwa kite anyen pou denmen maten, ni yo pa fèt pou yo kraze okenn zo bèt yo touye a. Y'a fè tout bagay dapre regleman mwen bay pou fete fèt Delivrans lan. 13Men, si yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen epi ki pa nan vwayaj ta rive pa fete fèt Delivrans lan, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan fanmi l' yo, paske li pa t' ofri ofrann li bay Seyè a dat pou l' te fè l' la. Se pou l' peye pou sa l' fè a. 14Si gen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, li menm tou se pou l' fete fèt Delivrans Seyè a, dapre lòd ak regleman fèt la. Va gen yon sèl regleman pou tout moun, ni pou moun natif natal peyi a, ni pou moun lòt nasyon yo. 15Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten. 16Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife. 17Chak fwa nwaj la fè yon leve anwo tant lan, la menm moun pèp Izrayèl yo leve, epi yo pati. Lè li desann poze sou tant lan, yo rete, yo moute tant yo la. 18Konsa, se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, e se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. Toutotan nwaj la te rete anwo tant lan, yo menm tou, yo te rete kote yo te ye a. 19Si nwaj la te rete anpil jou anwo tant lan san deplase, moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd Seyè a, yo menm tou yo pa t' deplase. 20Gen de fwa nwaj la pa t' rete lontan anwo tant lan san deplase. Men, se te toujou konsa: se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. 21Gen de lè nwaj la rete sèlman pou yon nwit anwo tant lan, depi aswè jouk nan denmen maten. Leve nwaj la leve nan maten, yo menm tou yo leve, yo pati. Gen de fwa tou, li te rete yon jou yon nwit. Leve nwaj la leve, yo menm tou yo leve, yo pati. 22Toutotan nwaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pa t' deplase. Men, leve nwaj la leve, yo leve, yo pati. 23Konsa, yo moute tant yo sou lòd Seyè a, yo leve yo pati sou lòd Seyè a: Yo te fè tou sa Seyè a te di Moyiz di yo fè.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Segunda Páscoa e a Nuvem Guia

  • Números 9 registra a celebração da Páscoa no deserto do Sinai no primeiro mês do segundo ano após a saída do Egito. Segundo a tradição, os israelitas permaneceram acampados na região do Sinai por cerca de um ano, período no qual receberam as leis e ergueram o Tabernáculo.Fontes: o próprio texto bíblico · Sinai
  • Uma concessão especial foi estabelecida para quem ficasse impedido de celebrar a Páscoa na data regular por impureza cerimonial decorrente do contato com um cadáver ou por motivo de viagem. Essas pessoas podiam celebrar uma Páscoa suplementar exatamente um mês depois, no décimo quarto dia do segundo mês.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O deslocamento e a permanência de todo o acampamento eram orientados pela nuvem que cobria o Tabernáculo durante o dia e assumia o aspecto de fogo durante a noite. Quer a nuvem permanecesse sobre a Tenda por uma única noite, por alguns dias ou por muitos meses, os israelitas só marchavam quando ela se elevava.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 1
  • Wilderness of Sinai · Hoje: about 50 km around Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículos 1, 5

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.