Nations Bible

Números 30

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Moyiz pale ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo. Li di yo konsa: -Men lòd Seyè a bay. 2Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a. 3Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, 4lè papa a vin konn sa, si li pa di l' anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an, osinon pwomès li te fè a. 5Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen, paske se pa fòt li. Se papa l' ki derefize kite l' kenbe pawòl li. 6Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l' te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomès li te fè, menm si li te pran yo an jwèt, si li rive marye, 7epi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. 8Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen. 9Men lè yon fanm ki vèv osinon ki divòse fè yon ve pou l' bay Seyè a kichòy, osinon li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, se pou l' kenbe pawòl li. 10Si yon madanm marye, antan li lakay mari l', pran yon ve pou fè kichòy osinon pwomèt pou l' pa fè yon bagay, 11epi si lè mari l' vin konn sa, li pa di l' anyen, li pa fè okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a, nenpòt kisa yo te ye. 12Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakò, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l' kenbe pawòl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. Se mari a ki te derefize kite l' kenbe pawòl li. Konsa, Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen. 13Yon mari gen dwa dakò, konsa tou li gen dwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. 14Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l' anyen ankò, sa vle di li dakò ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomès madanm lan te fè a. Depi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, sa vle di se dakò li dakò. 15Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kèk jou pase anvan li di li pa dakò, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawòl li pa kenbe a. 16Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou yon fanm ki fè ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avè l' nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l' toujou, men tout jan papa a ka pran sa.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Leis Sobre Votos e Promessas

  • Moisés transmitiu estes preceitos diretamente aos chefes das tribos de Israel. Segundo essas normas, um homem adulto ficava incondicionalmente obrigado a cumprir todo voto, juramento ou compromisso feito ao Senhor sem quebrar a sua palavra.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O pai ou o marido tinha a autoridade de confirmar ou anular um voto feito por uma filha jovem em sua casa ou por sua esposa. Se o chefe da casa nada dissesse no dia em que soubesse do voto, a promessa permanecia válida; se a proibisse imediatamente, ela ficava desobrigada.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A lei tratava viúvas e mulheres divorciadas de forma distinta das que dependiam de um pai ou marido. Qualquer voto ou compromisso assumido por uma viúva ou mulher divorciada era plenamente obrigatório sobre ela, sem que nenhuma autoridade masculina pudesse anulá-lo.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.