Números 17
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo. 3W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'. 4W'a mete yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a. 5Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou. 6Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo. 7Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a. 8Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi. 9Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Seyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a. 10Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri! 11Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. 12Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l' konsa: -Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini. 13Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!
Você sabia?
O Florescimento da Vara de Arão
- Para resolver a disputa sobre a autoridade sacerdotal, Moisés recolheu doze varas de madeira que representavam os líderes de cada tribo, com seus nomes inscritos, incluindo o nome de Arão pela tribo de Levi, e as colocou na Tenda do Testemunho.Fontes: o próprio texto bíblico · Aaron · Levi (patriarch)
- Em apenas uma noite, a vara de Arão passou por uma transformação extraordinária, brotando renovos, florescendo e produzindo amêndoas maduras para confirmar a escolha divina.Fontes: o próprio texto bíblico
- Após os líderes tribais examinarem as suas varas, Moisés recebeu a ordem de colocar a vara florescida de Arão novamente diante do Testemunho como um sinal permanente para cessar as murmurações do povo.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org