Neemias 6
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pa t' gen ankenn twou ladan l' ankò. Men lè sa a, nou pa t' ankò moute gwo batan pòtay yo. 2Sanbala ak Gechèm voye yon mesaje vin di m' yo ta renmen kontre avè m' lavil Akkefirim, nan Fon Ono a. Men yo menm, yo t'ap chache yon jan pou yo fè m' mal. 3Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: -M' okipe ak yon travay enpòtan, m' pa ka desann. Si m' kite travay la pou m' ale kote nou, li pral sispann. 4An kat fwa, yo voye fè m' menm envitasyon an. Chak fwa, mwen voye menm repons lan ba yo. 5Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesaj ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k'ap sèvi l' yo pou mwen. 6Men sa ki te nan lèt la: Gen yon sèl bri k'ap kouri nan mitan moun lòt nasyon yo: Se Gechèm ki di m' sa. Li tande l' ak de zòrèy li. Ou menm ak pèp jwif la, nou fè lide pran lezam. Se poutèt sa n'ap rebati ranpa a. Yo di se ou menm y'a nonmen wa yo. 7Ou menm rive ranje ak kèk pwofèt pou yo mache fè konnen nan tout lavil Jerizalèm se ou menm ki wa peyi Jida a. Koulye a, tout bri sa yo pral rive nan zòrèy wa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou vin kote m' pou nou fè yon ti pale ansanm sou koze a. 8Mwen voye reponn li: -Tou sa ou di la a se manti. Se ou menm menm ki fè koze a. 9Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m' fòs non! Fè m' pa dekouraje! 10Yon lòt jou ankò, m' te al wè Chemaja, pitit gason Delaja, pitit pitit Metabeyèl, lakay li, paske li menm li pa t' ka soti. Li di m' konsa: -Ann al nan tanp Bondye a, nan mitan kote yo mete apa pou Bondye a! Ann al kache kote yo mete apa pou Bondye a! N'a fèmen tout pòt yo byen fèmen, paske y'ap vin touye ou. Wi, aswè a menm, y'ap vin touye ou! 11Mwen reponn li: -Se pa mwen ki pou kouri al kache. Epitou, yon moun tankou mwen pa pral kache nan tanp lan pou m' sove lavi m'. Non! Mwen pa prale! 12Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa. 13Konsa, mwen ta pran nan kraponnay, mwen ta fè sa l' di m' fè a, epi mwen ta fè bagay mwen pa gen dwa fè. Yo menm, lè sa a, yo ta pran sa pou pale m' mal, yo ta fè m' wont. 14O Bondye mwen, pa bliye sa Tobija ak Sanbala te fè! Pa bliye Nadya, fanm ki pwofèt la, ansanm ak lòt pwofèt yo ki t'ap chache kraponnen m'! 15Se konsa, apre senkannde jou travay, ranpa a te fin repare. Lè sa a, nou te rive sou vennsenkyèm jou nan mwa Eloul la. 16Lè lènmi nou yo vin konn sa, lè moun lòt nasyon k'ap viv nan vwazinaj nou yo wè sa, yo te wont. Yo rekonèt si travay la te fini se paske Bondye nou an te vle l'. 17Pandan tout tan sa a, chèf peyi Jida yo te kenbe kontak ak Tobija. Yonn t'ap voye lèt bay lòt. 18Te gen anpil moun nan peyi Jida a ki te pou Tobija paske se bofis Chekanya, pitit Arak la, li te ye. Lèfini Jokanan, pitit gason li a, te marye ak pitit fi Mechoulam, pitit Berekya a. 19Yo te konn ap fè lwanj Tobija devan m', yo t'ap di tout bèl bagay Tobija te fè. Epi apre sa, y' al rapòte l' tou sa m' te di. Tobija menm t'ap voye lèt ban mwen pou kraponnen m'.

Você sabia?
Conspirações e o Muro Concluído
- Sambalate e Gesém convidaram repetidamente Neemias para um encontro na planície de Ono, uma região no território de Benjamim cerca de cinquenta quilômetros a noroeste de Jerusalém. Neemias percebeu esse convite como uma tentativa de afastá-lo da cidade para lhe causar dano e interromper as obras.Fontes: o próprio texto bíblico · Ono · Sanballat · Geshem
- Os opositores também subornaram figuras locais, como Semaías e a profetisa Noadia, para intimidar Neemias a fugir para dentro do templo. Caso se escondesse no santuário para salvar a própria vida, Neemias violaria as regras sagradas e desacreditaria sua liderança diante do povo.Fontes: o próprio texto bíblico · Shemaiah · Noadiah · Tobiah
- Apesar das ameaças externas e da lealdade dividida de nobres locais ligados a Tobias por laços de casamento, a reconstrução dos muros de Jerusalém foi concluída em cinquenta e dois dias, no vigésimo quinto dia do mês de Elul.Fontes: o próprio texto bíblico · Tobiah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Hakkephirim · Hoje: within 10 km of Kafr Ana · 32.027, 34.868 · versículo 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org