Neemias 10
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Premye moun ki siyen dokiman sele a se te gouvènè Neemi, pitit gason Akalya a. Apre li, Sidkiya vin siyen. 2Men non pret ki te siyen dokiman an: Seraja, Azarya, Jiremeja, 3Pachou, Amarya, Malkija, 4Atouch, Chebanya, Malouk, 5Arim, Meremòt, Obadya, 6Danyèl, Gineton, Bawouk, 7Mechoulam, Abija, Mijamen, 8Maazya, Bilgayi ak Chemaja. 9Apre yo vin moun Levi yo: Jozye, pitit gason Azanya, Bennwi, moun fanmi Enadad la, Kadmyèl, 10ak lòt moun Levi parèy yo: Chekanya, Odija, Kelita, Pelaja, Anan, 11Miche, Reyòb, Achabya, 12Zakou, Cherebya, Chebanya, 13Odija, Bani ak Kenani. 14Apre yo se te chèf pèp la: Pareòch, Pakat Moab, Elam, Zatou, Bani, 15Bouni, Azgad, Bebayi, 16Adonija, Bigvayi, Adin, 17Atè, Ezekyas. Azou, 18Odija, Achoum, Betsayi, 19Arif, Anatòt, Nebayi, 20Magpyach, Mechoulam, Ezi, 21Michezabèl, Tsadòk, Yadwa, 22Pelatya, Anan, Anaja, 23Oze, Ananya, Achoub, 24Alochèch, Pilba, Chobèk, 25Reyoum, Achabna, Maseja, 26Akija, Ranan, Anan, 27Malouk, Arim ak Bana. 28Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann, 29nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n'ap fè la a. Nou pran angajman n'ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l' la, pou nou. Nou pran angajman n'ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo. 30Nou pran angajman espesyalman pou nou pa marye pitit fi nou ak lòt moun k'ap viv nan peyi a, epi pou nou pa chwazi pitit fi moun sa yo pou marye ak pitit gason nou yo. 31Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo. 32Men lòt obligasyon nou bay tèt nou ankò: Chak lanne, chak moun ap bay yon demi ka ons ajan pou depans y'ap fè pou sèvis Bondye nou an nan tanp lan. 33N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an. 34Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle keksyon livrezon bwa pou tanp lan: Chak lanne y'a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y'a bezwen pou boule sou lotèl Seyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a. 35Nou deside tou chak lanne, n'a pote nan tanp lan pou n' ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo. 36Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye. 37Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden. 38Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan. 39Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!

Você sabia?
Selando a aliança
- O governador Neemias, juntamente com sacerdotes, levitas e líderes comunitários, colocou seu selo em um documento formal prometendo obediência à Lei de Moisés. O restante do povo, incluindo homens, mulheres e todos os filhos capazes de compreender, ratificou o compromisso com um juramento solene.Fontes: o próprio texto bíblico · Nehemiah
- A comunidade comprometeu-se especificamente a guardar o sábado, recusando-se a comprar mercadorias ou cereais de povos vizinhos em dias santos. Eles também concordaram em deixar a terra descansar e perdoar dívidas a cada sete anos, além de evitar casamentos mistos com povos vizinhos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Para garantir o funcionamento regular do templo, o povo estabeleceu uma contribuição anual de um terço de siclo e lançou sortes para o fornecimento de lenha para o altar. Também assumiram o compromisso de entregar os dízimos e as primícias de suas colheitas, rebanhos e massas para sustentar sacerdotes e levitas.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org