Marcos 7
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Farizyen yo ak kèk dirèktè lalwa te soti Jerizalèm. Yo sanble bò kote Jezi. 2Yo wè te gen nan disip li yo ki t'ap manje ak men yo tou sal, sa vle di, san yo pa t' lave men yo anvan. 3Farizyen yo ak tout lòt jwif yo pa t' janm manje san yo pa t' lave men yo byen lave. Nan sa, yo t'ap swiv koutim granmoun lontan yo. 4Lè yo soti nan mache, sa pa t' bon non plis pou yo te manje san yo pa t' pran yon beny anvan. Yo te gen yon bann lòt koutim konsa ankò yo t'ap swiv. Pa egzanp, yo te gen yon jan pou yo lave chak bagay, yon jan pou gode yo, yon jan pou krich yo, yon jan pou mamit yo, yon jan pou lave menm kabann yo. 5Se sak fè, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo mande Jezi: -Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Men y'ap manje ak men yo tou sal. 6Jezi reponn yo: -Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte m', men kè yo byen lwen mwen. 7Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. 8Jezi di yo konsa: -Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli. 9Li di yo tou: -Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo. 10Tande byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' ak manman l' mal, se pou yo touye li. 11Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Tou sa m' ta gen pou m' ede ou la, li kòban (sa vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye), 12nan ka sa a, li pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon manman li. 13Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò. 14Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l' ankò. Li di yo konsa: -Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a; manyè konprann sa. 15Se pa bagay deyò ki antre anndan yon moun lè l'ap manje ki kapab mete l' nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye. 16Men, se sak sot nan kè l' ki ka mete l' nan kondisyon sa a. Si nou gen zòrèy poun tande, tande. 17Lè l' fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l' esplike yo parabòl sa a. 18Li di yo: -Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. 19Paske, manje pa antre nan kè moun. Men, sa pase nan vant; apre, yo jete sa nan latrin. (Lè l' pale konsa, Jezi fè yo konprann tout manje bon.) 20Li di yo ankò: -Sa ki soti nan kè yon nonm, se sa ki mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. 21Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; 22li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. 23Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. 24Jezi kite kote li te ye a, li ale nan zòn ki nan vwazinaj lavil Tir la. li antre nan yon kay, li pa t' vle pesonn konnen li te la. Men, li pa t' kapab rete kache. 25Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l' ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l', li lage kò l' nan pye Jezi. 26(Fanm sa a pa t' jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: -Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m' lan. 27Men Jezi di l' konsa: -Kite vant ti moun yo plen anvan; paske sa pa bon pou wete pen nan bouch timoun pou bay ti chen. 28Fanm lan reponn li: -Se vre wi, Mèt. Men, ti chen ki anba tab manje ti kal pen timoun jete atè. 29Lè sa a Jezi di li: -Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a soti sou pitit fi ou la. 30Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gen tan soti sou li. 31Jezi kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan peyi Dis Vil yo; li tounen lòt bò lanmè Galile a. 32Yo mennen yon nonm ba li: nonm lan te soudè epi li pa t' pale byen. Yo mande Jezi pou li mete men l' sou tèt nonm lan. 33Men Jezi pran men nonm lan, li fè l' soti nan mitan foul moun yo, li mennen l' sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. 34Apre sa, li leve je l' nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: -Efata! (ki vle di: Louvri!) 35Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang nonm lan demare nan bouch li epi li pran pale trè byen. 36Jezi te mande yo tout pou yo pa t' di pesonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la. 37Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: -Nonm sa a fè tout afè l' byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.
Você sabia?
Pureza, tradição e o caminho além da Galileia
- Fariseus e escribas vindos de Jerusalém questionaram Jesus porque alguns dos seus discípulos comiam com as mãos sem lavar. Marcos explica que, ao guardar a tradição dos anciãos, os fariseus e todos os judeus não comiam até se lavarem de modo cerimonial, e que também se lavavam ao voltar do mercado e lavavam copos, jarros, caldeirões e divãs. Uma cronologia data esse discurso sobre mandamentos e tradição do ano 29 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · Commandments and Tradition Discourse
- Jesus respondeu citando Isaías, filho de Amoz, sobre um povo que honra a Deus com os lábios enquanto o coração está longe dele, e que ensina preceitos humanos como doutrina. À tradição dos anciãos ele contrapôs um mandamento que atribui a Moisés — honrar pai e mãe — e a prática do Corbã, que o texto explica como uma oferta dedicada a Deus e pela qual, segundo ele, a pessoa já não podia fazer nada pelo pai ou pela mãe.Fontes: o próprio texto bíblico · Isaiah
- Na região de Tiro, uma mulher grega, de origem siro-fenícia, pediu a Jesus que expulsasse um espírito impuro de sua filha. Depois ele passou por Sidom, foi ao mar da Galileia e entrou na Decápolis: Sidom, no Mediterrâneo, ao norte de Tiro, era a cidade fenícia mais antiga e a cidade-mãe de Tiro, enquanto a Decápolis — nome que significa dez cidades — ficava a leste e a sudeste do lago e era habitada sobretudo por gregos. Ali lhe trouxeram um homem surdo que mal conseguia falar, e Jesus disse: “Efatá”, que a narrativa explica como “Abre-te”.Fontes: o próprio texto bíblico · Sidon · Tyre · Decapolis
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 24
- Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículos 24, 31
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 24, 31
- Phoenicia · 33.271, 35.196 · versículo 26
- Decapolis · 32.717, 35.800 · versículo 31
- Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · versículo 31
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org