Nations Bible

Miqueias 7

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m' mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe. 2Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt. 3Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm. 4Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l' te voye yo avèti l' la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l' di ni sa pou l' fè. 5Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou! 6Lè sa a, pitit gason p'ap gen respè pou papa yo. Pitit fi ap kenbe tèt ak manman yo. Bèlfi ap fè kont ak bèlmè yo. Pi gwo lènmi ou se va pwòp moun k'ap viv nan kò kay ou. 7Men, se Seyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m'ap tann Bondye k'ap vin pou delivre m' lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m'! 8Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou. 9Se pou nou sipòte kòlè Seyè a paske nou fè peche kont Seyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye. 10Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Seyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye, y'a meprize yo tankou labou nan lari. 11Nou menm, moun lavil Jerizalèm, jou pou nou rebati miray lavil la prèt pou rive. Lè sa a, y'a agrandi peyi a. 12Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen soti toupatou vin jwenn nou. Y'a soti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a soti Lejip nan sid, y'a soti lòt bò larivyè Lefrat, y'a soti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo. 13Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo. 14Seyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l' yo. Koulye a, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y' al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l' nan tan lontan an! 15Seyè! Fè mèvèy pou nou jan ou te fè l' lè ou te fè nou soti kite peyi Lejip la! 16Moun lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi, 17y'a trennen kò yo atè nan pousyè tankou koulèv. Y'a mache tankou bèt k'ap trennen sou vant! Y'a pè, y'a kouri soti nan fò yo. Y'a tranble devan Bondye, y'a tounen vin jwenn li. Y'a tranble tankou fèy bwa akòz Seyè a. 18Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun. 19Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè! 20W'a moutre pitit Jakòb yo jan ou toujou kenbe pawòl ou. W'a moutre pitit Abraram yo jan ou p'ap janm sispann renmen yo, jan ou te sèmante l' bay zansèt nou yo nan tan lontan!

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Lamento e Esperança de Restauração

  • Miqueias retrata um colapso severo da justiça e da confiança, onde governantes exigem subornos e membros da família se voltam uns contra os outros. Ele compara a busca por uma pessoa piedosa à procura em uma vinha colhida onde já não restam uvas ou figos temporãos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O profeta suplica a Deus que pastoreie Seu povo e o deixe pastar em Basã e Gileade como nos tempos antigos. Localizadas a leste do rio Jordão, essas regiões foram historicamente concedidas às tribos de Gade, Rúben e à meia tribo de Manassés.Fontes: o próprio texto bíblico · Bashan · Gilead
  • O capítulo termina com uma expressão de esperança na misericórdia divina, descrevendo Deus lançando os pecados nas profundezas do mar. Afirma também que Deus demonstrará fidelidade a Jacó e lealdade a Abraão, conforme os juramentos feitos aos antepassados.Fontes: o próprio texto bíblico · Abraham · Jacob (Israel)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 12
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 12, 15
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 12
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 14
  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 14
  • Mount Carmel · 32.672, 35.023 · versículo 14

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.