Mateus 21
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gen tan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo, 2li di yo: Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen. 3Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn: Se Mèt la ki bezwen yo. Menm lè a, la kite nou ale ak yo. 4Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: 5Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman. 6Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. 7Yo mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita. 8Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an. 9Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! 10Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: Ki moun nonm sa a ye menm? 11Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a. 12Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. 13Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè. 14Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. 15Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! 16Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou? 17Apre sa, li kite yo, li soti lavil la, li ale Betani. Se la li pase nwit lan. 18Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou. 19Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l'. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche. 20Lè disip yo wè sa, yo pa t' manke sezi, yo di li: Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman? 21Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. 22Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè. 23Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a? 24Jezi reponn yo: M'ap poze nou yon keksyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo. 25Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'. 26Si nou reponn: Se moun ki te voye l', afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt. 27Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo. 28Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l': Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an. 29Pitit la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, li ale. 30Apre sa, papa a pale ak lòt pi piti a, li di l' menm bagay la. Pi piti a reponn li: Wi, papa. Men, li pa janm mete pye li. 31Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou. 32Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou. 33Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj. 34Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l' bò kote jeran yo. 35Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch. 36Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an. 37Apre sa, li voye pwòp pitit gason l' bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou pitit mwen an. 38Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou. 39Yo mete men sou li, yo jete l' lòt bò jaden an, yo touye li. 40Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo? 41Yo reponn li: Li p'ap gen pitye pou yo. La fè touye malveyan sa yo, la pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l' pòsyon pa l' nan rekòt la lè sezon an va rive. 42Apre sa, Jezi di yo: Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. 43Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a. 44Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso. 45Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale. 46Lè sa a, yo t'ap chache yon jan pou mete men sou li. Men, yo te pè foul moun yo ki te pran Jezi pou yon bon pwofèt.

Você sabia?
Jesus entra em Jerusalém
- Ao se aproximarem de Jerusalém, Jesus e os discípulos chegaram a Betfagé, no Monte das Oliveiras, e dali ele enviou dois discípulos para trazer uma jumenta e seu jumentinho. Betfagé significa “casa do figo ainda não maduro”; ficava no caminho de Jerusalém a Jericó, bem perto de Betânia, onde ele passou a noite, e era o limite de uma jornada de sábado a partir da cidade, 2.000 côvados. O Monte das Oliveiras recebe o nome das oliveiras que cobrem suas encostas e é uma serra a leste de Jerusalém, separada da cidade pelo vale do Cedrom.Fontes: o próprio texto bíblico · Bethphage · Mount of Olives
- O texto diz que a entrada cumpriu o que foi dito pelo profeta à Filha de Sião: o rei viria a ela manso, montado num jumento, num jumentinho, cria de jumenta. Sião era o monte sudeste de Jerusalém; quando Davi a tomou dos jebuseus, construiu ali uma cidadela e um palácio, e ela passou a ser conhecida como a cidade de Davi. As multidões que iam adiante e as que o seguiam gritavam: “Hosana ao Filho de Davi!”Fontes: o próprio texto bíblico · Zion
- Quando Jesus entrou em Jerusalém, a cidade inteira se alvoroçou e perguntou quem ele era; as multidões responderam que era Jesus, o profeta de Nazaré da Galileia. Nazaré não é mencionada no Antigo Testamento e era o lar de José e Maria. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) diz que o nome é em geral entendido como forma grega de uma palavra hebraica que significa “broto” ou “rebento”, embora alguns o liguem ao monte atrás da cidade e a uma palavra para quem guarda ou vigia; Galileia significa “circuito” e era chamada “Galileia dos gentios”, distinguindo-se a Alta Galileia da Baixa Galileia, mais ao sul.Fontes: o próprio texto bíblico · Nazareth · Galilee
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 10, 18
- Mount of Olives · 31.778, 35.246 · versículo 1
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 5
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 11
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 11
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org