Nations Bible

Mateus 18

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè sa a, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande li: Ki moun ki pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la? 2Jezi rele yon timoun, li mete l' nan mitan yo. 3Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la. 4Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la. 5Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa. 6Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè. 7Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive! 8Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. 9Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a. 10Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la. 11Paske, Moun Bondye voye nan lachè a vin delivre sa ki te pèdi. 12Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou li ale chache mouton ki pèdi a? 13Si l' rive jwenn li menm, se vre wi, sa m'ap di nou la a, l'ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevendiznèf lòt yo ki pa t' pèdi. 14Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi. 15Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen. 16Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. 17Si l' refize koute yo tou, lè sa a wa di legliz la sa. Si l' refize koute legliz la, ou mèt gade l' tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon. 18Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou. 19Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m' ki nan syèl la va ba yo li. 20Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo. 21Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa? 22Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa. 23Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo. 24Li te fèk kòmanse fè regleman an lè yo mennen yonn ba li ki te dwe l' senkantmil (50.000) goud. 25Men, nonm lan pa t' gen dekwa peye tout lajan sa a. Mèt la bay lòd pou yo vann li tankou esklav, li menm, madanm li, pitit li yo ansanm ak tou sa l' te genyen, pou peye dèt la. 26Domestik la tonbe ajenou devan mèt la, li di li: Mèt, tanpri souple, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou tout lajan an. 27Kè mèt domestik la fè l' mal, li kite lajan an la pou li, li kite l' ale. 28Lè domestik la soti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l' san (100) goud. Li kenbe l', li pran trangle l', li di li: Peye m' sa ou dwe m' lan. 29Kanmarad la lage kò l' atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou. 30Men, lòt la pa tande. Li fè mete kanmarad la nan prizon, pou jouk lè li fin peye sa li dwe a. 31Lè lòt domestik yo wè sak te rive, sa te fè yo mal anpil. Y al rakonte mèt la sak te pase. 32Lè sa a, mèt la fè rele domestik la. Li di l' konsa: Gade jan ou mechan! Mwen kite tout lajan sa a pou ou paske ou te mande m' fè sa pou ou. 33Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a. 34Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete msye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l' te dwe a. 35Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Humildade, reconciliação e perdão

  • Os discípulos chegam a Jesus e perguntam quem é o maior no reino dos céus, e ele convida uma criança pequena para ficar em pé no meio deles, dizendo que quem se humilha como essa criança é o maior. Um esquema cronológico data esses ensinos sobre humildade, tentação e reconciliação no ano 29 d.C. e os situa em um único dia.Fontes: o próprio texto bíblico · Teachings on Humility/Temptation/Reconciliation
  • Pedro, que pergunta quantas vezes deve perdoar um irmão que peca contra ele, chamava-se originalmente Simão e tinha sido treinado como pescador em Betsaida, na costa ocidental do mar da Galileia. Ele sugere sete vezes; Jesus responde que não sete vezes, mas setenta e sete vezes, e fala de um rei que perdoa um servo que devia dez mil talentos. Esse servo depois se recusa a perdoar outro servo, companheiro seu, que lhe devia cem denários.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter
  • Quando um irmão peca contra você, a orientação é confrontá-lo em particular e, se ele não ouvir, levar mais uma ou duas pessoas, para que todo assunto se estabeleça pelo testemunho de duas ou três testemunhas. Se ele ainda recusar, o caso deve ser levado à igreja e, se não ouvir nem mesmo a igreja, deve ser tratado como um pagão ou um cobrador de impostos.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.