Nations Bible

Mateus 10

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite. 2Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li. 3Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade. 4Te gen Simon, patriyòt la ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi l' yo. 5Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: Piga n' ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo. 6Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi. 7Sou tout wout nou, bay mesaj sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive. 8Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay. 9Pa pran ni lò, ni lajan, ni kòb kwiv mete nan pòch nou. 10Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa mete de rad sou nou, pa pran ni soulye, ni baton. Paske, yon travayè merite pou yo ba l' manje. 11Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati. 12Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la. 13Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou li. Men, si l' pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou. 14Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. 15Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap peni moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò. 16Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon. 17Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. 18y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. 19Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n' di, ni jan n'a gen pou n' pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n' di. 20Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou. 21Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. 22Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. 23Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la. 24Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li. 25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou! 26Se sak fè nou pa bezwen pè pesonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale. 27Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l' gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou. 28Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè. 29Eske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen. 30Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte. 31Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo. 32Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la. 33Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'. 34Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. 35Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. 36Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou. 37Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. 38Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis. 39Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò. 40Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou. 41Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat. 42Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Os doze enviados em missão

  • Simão, chamado Pedro, e seu irmão André — o primeiro par nomeado entre os doze — eram pescadores de Betsaida, na costa ocidental do mar da Galileia. Tiago e João, citados em seguida, eram filhos de Zebedeu, um pescador da Galileia que tinha os próprios barcos e empregados.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter · Andrew · Zebedee
  • Mateus, identificado na lista como o cobrador de impostos, era filho de Alfeu e antes era conhecido como Levi; recolhia impostos em Cafarnaum, e o nome Mateus significa “dom de Deus”. Tomé, nomeado ao lado dele, também era chamado Dídimo, o equivalente grego do nome hebraico, que significa “gêmeo”. Bartolomeu significa “filho de Tolmai” e, em geral, se supõe que seja a mesma pessoa que Natanael.Fontes: o próprio texto bíblico · Matthew · Thomas · Bartholomew
  • Jesus adverte que o dia do juízo será mais tolerável para Sodoma e Gomorra do que para uma cidade que recusar os doze apóstolos. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) descreve essas cidades da planície de Sidim como destruídas pelo fogo e proverbiais pela maldade, e as situa, provavelmente próximas uma da outra, perto da extremidade norte do que hoje é o mar Morto.Fontes: o próprio texto bíblico · Sodom · Gomorrah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.