Malaquias 4
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras. 2Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann. 3Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m' aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. 4Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m' lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la. 5Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli. 6Li gen pou l' fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.

Você sabia?
O Dia do Senhor e a Promessa de Elias
- Malaquias conclama Israel a se lembrar da lei dada a Moisés no monte Horebe. Horebe é uma designação bíblica para a cadeia montanhosa onde se localiza o monte Sinai, o local onde os israelitas acamparam e receberam estatutos e ordenanças.Fontes: o próprio texto bíblico · Horeb · Moses
- A passagem termina com a promessa de que o profeta Elias será enviado antes do grande Dia do Senhor para reconciliar pais e filhos. Na narrativa bíblica, Elias foi um profeta de Tisbe que transmitiu mensagens durante o reinado do rei Acabe.Fontes: o próprio texto bíblico · Elijah
- Malaquias emprega imagens agrícolas vívidas para retratar o julgamento e a restauração, contrastando os ímpios reduzidos a restolho no fogo com os fiéis, descritos saltando de alegria como bezerros soltos do estábulo.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Mount Horeb · Hoje: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · versículo 4
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org