Nations Bible

Josué 16

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl. 2Li soti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete. 3Baliz fwontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l' al bout nan lanmè. 4Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim. 5Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fwontyè jouk Bètowon. 6Baliz fwontyè a soti la, l' al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fwontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l', sou bò lès lavil Janoa. 7Li desann soti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l' al bout sou larivyè Jouden. 8Li soti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l' al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l', yo bay chak fanmi yon pòsyon, 9ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo. 10Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.

Você sabia?

A herança de Efraim e Manassés

  • Os descendentes de José receberam um vasto território central em Canaã, dividido entre as tribos de Efraim e Manassés. Embora Efraim fosse o filho mais novo de José, seu avô Jacó lhe concedeu a bênção principal, e o território de Efraim é descrito primeiro nesta partilha.Fontes: o próprio texto bíblico · Ephraim · Manasseh (son of Joseph)
  • A fronteira passava por Betel, antigamente conhecida como a cidade cananeia de Luz. O nome Betel estava originalmente ligado ao santuário vizinho antes de ser aplicado à própria cidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Bethel (of Palestine)
  • Gezer era uma antiga cidade real cananeia perto do limite ocidental de Efraim em direção ao mar Mediterrâneo. Os efraimitas não expulsaram os habitantes cananeus, que continuaram a viver entre eles sujeitos a trabalhos forçados.Fontes: o próprio texto bíblico · Gezer

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículos 1, 7
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 1, 7
  • Luz · Hoje: Beitin · 31.923, 35.241 · versículo 2
  • Gezer · Hoje: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · versículos 3, 10
  • Great Sea · Hoje: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículos 3, 6, 8
  • Lower Beth-horon · Hoje: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · versículo 3
  • Upper Beth-horon · Hoje: Beit Ur al Fauqa · 31.886, 35.114 · versículo 5

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.