Nations Bible

Josué 14

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo. 2Jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Seyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki tapral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a. 3Moyiz te gen tan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pa t' bay moun fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan tè sa yo. 4Fanmi Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo. 5Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 6Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: -Ou konnen sa Seyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea. 7Mwen te gen karantan lè Moyiz, sèvitè Seyè a, rete lavil Kadès-Banea, li voye m' al vizite tout peyi sa a. Lè m' tounen, mwen fè l' yon bon rapò dapre sa m' te wè. 8Moun ki te moute avè m' yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Seyè a, Bondye mwen an, te vle m' fè. 9Lè sa a, Moyiz fè m' pwomès sa a, li di m': Ou wè ou menm, ou fè tou sa Seyè a te vle ou fè. Se poutèt sa y'a ba ou tout kote ou mete pye ou yo pou ou ak pou tout ras ou apre ou. 10Gade! Seyè a kenbe pwomès li, li pa kite m' gen tan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Seyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Koulye a mwen gen katrevensenkan. 11Men, mwen santi m' vanyan gason jòdi a tankou lè Moyiz te voye m' al vizite peyi a. Mwen santi mwen ka goumen, mwen ka regle tout zafè m' jan m' te konn fè l' lè sa a. 12Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Seyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann gwonèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Seyè a pral kanpe avè m'. L'a ede m' pran peyi a nan men yo jan li te di l' la. 13Lè sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li. 14Jouk koulye a, Ebwon rete pou Kalèb ak pou moun ras fanmi li yo, paske Kalèb te fè tou sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te vle l' fè. 15Nan tan lontan, yo te rele lavil Ebwon an Kiriyat aba. Aba sa a, se li ki te pi gwonèg nan tout ras moun Anak yo. Depi apre lè sa a, peyi a t'ap viv ak kè poze. Pa t' gen goumen ankò.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A herança de Calebe e a divisão de Canaã

  • A distribuição das terras a oeste do Jordão foi conduzida pelo sumo sacerdote Eleazar, por Josué e pelos chefes tribais, usando sortes para nove tribos e meia. A tribo de Levi não recebeu um território próprio, mas apenas cidades com pastagens, enquanto os filhos de José, Efraim e Manassés, formaram duas porções tribais distintas.Fontes: o próprio texto bíblico · Eleazar · Joseph (son of Jacob)
  • Aos oitenta e cinco anos de idade, Calebe aproximou-se de Josué no acampamento em Gilgal para pedir a região montanhosa e fortificada de Hebrom, recordando a promessa feita quarenta e cinco anos antes por Moisés em Cades-Barneia. A cidade de Hebrom chamava-se anteriormente Quiriate-Arba, em homenagem a Arba, o maior homem entre os anaquins.Fontes: o próprio texto bíblico · Caleb · Hebron · Kadesh-barnea

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículos 1, 7, 9
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 3
  • Hebron · Hoje: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículos 13, 14, 15

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.