Nations Bible

Josué 11

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nouvèl tout bagay sa yo rive nan zòrèy Jaben, wa Azò a. Li menm, li voye nouvèl la bay Yobad, wa lavil Madon, bay wa Chimwon ak wa Akchaf, 2bay tout wa ki rete bò nò a, nan mòn yo, nan fon ki anba Chinawòt, nan plenn yo ak nan koulin Dò yo bò solèy kouche. 3Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa. 4Tout wa yo vini avèk tout sòlda yo. Sa te fè yon gwo lame sòlda pesonn pa t' ka konte, ou ta di grenn sab bò lanmè, avèk yon kantite chwal ak cha lagè. 5Wa yo pran randevou, yo mete tout sòlda yo ansanm. Yo rive, yo moute kan yo yonn sou kote lòt, toupre dlo Mewòm yo, pou yo atake pèp Izrayèl la. 6Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo. 7Se konsa, Jozye rive bò dlo Mewòm lan ak tout sòlda li yo, li tonbe sou lènmi yo san yo pa t' atann, li atake yo. 8Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape. 9Jozye fè yo tou sa Seyè a te ba li lòd fè a: li koupe jarèt chwal yo, li boule tout cha lagè yo. 10Apre sa, Jozye tounen sou dèyè, li pran lavil Azò, epi li touye wa li a. Lè sa a, Azò te pi gwo lavil nan tout peyi wa yo. 11Li fè touye dènye moun ak dènye bèt vivan ki te la tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a. Yo pa kite yonn ladan yo chape. Lèfini, yo mete dife nan lavil la. 12Jozye pran tout lavil yo ansanm ak wa yo. Epi li fè touye tout wa yo, dapre prensip ki vle pou yo touye yo tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Moyiz, sèvitè Seyè a, te kite lòd pou yo fè l' la. 13Men, moun Izrayèl yo pa t' boule ankenn lavil nan lavil ki te bati sou ti mòn yo, an wetan lavil Azò Jozye te fè boule. 14Moun pèp Izrayèl yo pran tout bagay ak tout bèt yo te jwenn nan lavil yo. Men, yo touye tout moun, yo pa kite yonn chape. 15Seyè a te bay Moyiz, sèvitè li a, lòd li yo. Moyiz menm te bay Jozye menm lòd yo tou. Se konsa Jozye te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè, san manke anyen. 16Jozye ak pèp Izrayèl la te pran tout peyi a nan men moun yo, ki vle di: mòn yo, tout Negèv la, tout peyi Gochenn lan, plenn yo, Fon Jouden an, tout mòn ak tout ti bit peyi Izrayèl yo, 17depi Mòn Alak ki toupre peyi Seyi a, jouk Baal-Gad ki nan fon Liban an nan pye mòn Emon an. Li mete men sou tout wa yo, li bat yo, li touye yo. 18Jozye te pase yon bon tan ap fè lagè ak wa sa yo. 19An wetan lavil Gabawon kote moun Evi yo te rete a, pa t' gen ankenn lavil ki te vle fè lapè ak moun pèp Izrayèl yo, 20paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 21Lè sa a, Jozye leve, l' ale, li touye tout moun Anak yo ki te rete nan mòn yo, nan lavil Ebwon, lavil Debi, lavil Anab, nan tout mòn peyi Jida ak tout mòn peyi Izrayèl yo. Li fè touye yo tout. Apre sa, li detwi tout lavil yo tankou ofrann pou Seyè a. 22Pa t' gen yon moun Anak ankò nan peyi Izrayèl la, esepte lavil Gaza, lavil Gat ak lavil Asdòd. 23Jozye te pran tout peyi a, jan Seyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l' pa l'. Li separe l', li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pa t' gen goumen ankò.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A conquista do norte e a queda de Hazor

  • Hazor era descrita como a principal de todos os reinos cananeus do norte. Embora os israelitas tenham capturado muitas cidades construídas sobre colinas durante essa campanha, Hazor foi a única cidade fortificada que Josué queimou completamente.Fontes: o próprio texto bíblico · Hazor
  • A batalha junto às águas de Merom foi o confronto decisivo que concluiu a campanha do norte de Josué. Ali, os israelitas enfrentaram uma grande coalizão armada com cavalos e carros de guerra, deparando-se pela primeira vez com essa tecnologia militar cananeia.Fontes: o próprio texto bíblico · Jabin · Merom
  • A narrativa destaca que, com exceção dos heveus que habitavam em Gibeão, nenhuma cidade cananeia fez acordos de paz com Israel, resultando em uma longa guerra que acabou por pacificar toda a região.Fontes: o próprio texto bíblico · Hivite

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Hazor · Hoje: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · versículos 1, 10, 11, 13
  • Arabah · 30.417, 35.151 · versículos 2, 16
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículos 2, 16
  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 3
  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículos 3, 17
  • Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 8
  • Valley of Mizpeh · Hoje: about 30 km around Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 8
  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 16
  • Valley of Lebanon · Hoje: Beqaa Valley · 34.009, 36.145 · versículo 17
  • Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 19
  • Hebron · Hoje: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículo 21
  • Ashdod · Hoje: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · versículo 22
  • Gaza · Hoje: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 22

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.