Jó 40
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: 2-Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a? 3Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa: 4-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen. 5Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò. 6Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l': 7-Koulye a, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou keksyon, se pou ou reponn mwen. 8Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon? 9Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'? 10Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou! 11Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo! 12Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a! 13Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a. 14Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo. 15Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf. 16Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li. 17Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul. 18Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè. 19Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba. 20Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo. 21Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo. 22Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'. 23Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz. 24Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.

Você sabia?
O Desafio de Deus e o Poder do Beemote
- Ao ser questionado por Deus, Jó responde colocando a mão sobre a boca, reconhecendo sua insignificância e decidindo não argumentar mais. Deus então lhe fala do meio de um redemoinho, desafiando-o a provar se possui força divina e capacidade para humilhar os soberbos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Deus direciona a atenção de Jó para o Beemote, descrevendo-o como um enorme herbívoro com ossos como tubos de bronze e membros semelhantes a barras de ferro. A criatura é retratada repousando pacificamente sob os lotos e juncos do pântano, inabalável diante de águas turbulentas e indomável para os seres humanos.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto observa que o Beemote permanece destemido mesmo quando o rio Jordão se precipita contra a sua boca. O Jordão é um rio caracterizado por correntes rápidas e cursos sinuosos através de planícies pantanosas e canais profundos.Fontes: o próprio texto bíblico · Jordan
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 23
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org