Jó 33
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'. 2M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen. 3M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale. 4Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi. 5Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'. 6Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou. 7Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen! 8Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di: 9Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen. 10Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'. 11Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè. 12La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun. 13Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'? 14Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di. 15Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon. 16Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo. 17Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. 18Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. 19Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo. 20Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou. 21Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen. 22Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen. 23Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo. 24Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li. 25Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn. 26Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun. 27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a. 28Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò. 29Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm, 30pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan. 31Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale! 32Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon. 33Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

Você sabia?
Eliú Fala Sobre a Disciplina e a Mediação de Deus
- Eliú se dirige a Jó não com autoridade intimidadora, mas como um semelhante mortal criado pelo fôlego de Deus e formado do barro. Ele assegura a Jó que não usará de medo ou imposição para dominá-lo no debate.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em resposta à queixa de Jó de que Deus permanece em silêncio, Eliú argumenta que Deus fala repetidamente por meio de sonhos noturnos, visões e sofrimento físico. Segundo Eliú, essas experiências dolorosas servem como disciplina para afastar o homem do orgulho e livrá-lo da Cova.Fontes: o próprio texto bíblico
- Eliú descreve a possibilidade de um mensageiro ou mediador interceder por uma pessoa em sofrimento e anunciar um resgate. Essa intervenção divina restaura o vigor físico do enfermo e possibilita uma reconciliação alegre com Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org