João 9
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l' wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt. 2Disip li yo mande li: Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l' osinon peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa? 3Jezi reponn yo: Se pa ni peche pa l' ni peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li. 4Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay. 5Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. 6Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a. 7Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo. 8Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l' ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a! 9Gen moun ki t'ap di: Se li menm wi. Gen lòt ki t'ap di tou: Non. Se pa li. Men, li sanble l' anpil. Lè sa a nonm lan di yo: Se mwen menm menm. 10Yo mande li: Ki jan ou fè wè nan je ou yo? 11Li reponn yo: Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m' ak labou a, epi li di m' al lave figi m' nan basen Siloe a. m' ale. Lè m' fin lave figi m', mwen wè m' wè. 12Yo mande li: Kote nonm sa a? Li reponn yo: Mwen pa konnen non. 13Yo pran nonm ki te avèg la, yo mennen l' bay farizyen yo. 14Se te yon jou repo Jezi te fè labou a pou louvri je l' yo. 15Se poutèt sa, farizyen yo tou, yo mande nonm lan sak te pase ki te fè l' ka wè koulye a. Li di yo: Li mete ti kras labou sou je m' yo, lèfini mwen lave figi mwen. Se konsa, koulye a mwen wè. 16Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo. 17Farizyen yo mande nonm ki te avèg la: Ou menm, dapre ou, nonm ki louvri je ou yo, ki moun li ye? Li reponn: Se yon pwofèt li ye. 18Men, jwif yo pa t' vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l' ak manman l' pou poze yo kekzyon. 19Yo mande yo: Eske nonm sa a se pitit gason nou an vre? Eske se vre li te fèt avèg? Sak pase l' ki fè li wè koulye a? 20Papa a ak manman an reponn yo: Nou konnen se pitit gason nou li ye, li te fèt avèg. 21Men, nou pa konnen sak pase l' ki fè l' wè koulye a. Nou pa konnen tou ki moun ki louvri je li. Nou mèt mande li. li ase gran konsa. Li ka reponn li menm. 22Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la. 23Se poutèt sa papa l' ak manman l' te di: li ase gran, li ka reponn li menm. Nou mèt mande li. 24Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal. 25Li reponn yo: Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, koulye a mwen wè. 26Yo mande li: Men, kisa l' te fè? Ki jan l' te fè pou louvri je ou yo? 27Li reponn yo: Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m' redi l' ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li? 28Yo joure l', yo di l' konsa: Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz. 29Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l' soti. 30Nonm lan reponn yo: Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l' soti? Epi, se li menm ki louvri je m' yo! 31Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li. 32Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè. 33Si nonm sa a pa t' soti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen. 34Yo reponn li: Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson koulye a? Epi yo mete l' deyò nan sinagòg la. 35Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l', li di l' konsa: Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a? 36Nonm lan reponn li: Mèt, di m' ki moun li ye pou m' ka kwè nan li? 37Jezi reponn li: Apa w'ap gade li! Se li menm k'ap pale avè ou la a wi. 38Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi. 39Lè sa a, Jezi di: Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg. 40Te gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l': Eske nou menm tou, nou avèg? 41Jezi reponn yo: Si nou te avèg, nou pa ta koupab. Men, n'ap plede di nou wè, nou wè. Se poutèt sa nou antò toujou.

Você sabia?
O homem cego de nascença
- O tanque de Siloé, para onde Jesus mandou o homem lavar-se, é explicado na narrativa como significando Enviado; uma nota sobre o lugar também traduz o nome como Enviado ou envio. Essa nota identifica o tanque com Birket Silwan, no vale inferior do Tiropeon, a sudeste do monte Sião. A água chegava até ele de modo intermitente por um canal subterrâneo sinuoso de 1750 pés, embora a distância direta fosse de apenas 1100 pés, a partir da Fonte da Virgem, e o tanque media 53 pés de norte a sul, 18 pés de largura e 19 de profundidade.Fontes: Siloam · o próprio texto bíblico
- Os discípulos de Jesus supunham que alguém havia pecado, o homem ou os pais dele, porque ele nascera cego. Jesus respondeu que nem um nem outros haviam pecado e que isso acontecera para que as obras de Deus se manifestassem nele. Mesmo depois, alguns dos que interrogavam o homem falaram dele como nascido em pleno pecado.Fontes: o próprio texto bíblico
- O dia em que Jesus fez lama e abriu os olhos do homem era um sábado, e os fariseus ficaram divididos: alguns diziam que ele não vinha de Deus, porque não guardava o sábado, enquanto outros perguntavam como um homem pecador poderia realizar tais sinais. Os pais do homem tiveram medo de dizer como ele agora via, porque quem confessasse Jesus como o Cristo seria expulso da sinagoga. Uma cronologia do acontecimento situa a cura em 29 d.C. e lhe atribui a duração de um dia.Fontes: o próprio texto bíblico · Blind Man Healed
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org