João 21
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l' ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase: 2Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo. 3Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen. 4Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm. 5Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen. 6Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. 7Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a. 8Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. 9Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. 10Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo. 11Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire. 12Jezi di yo: vin manje. Yo yonn nan disip yo pa t' gen kouraj mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Seyè a. 13Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou. 14Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò. 15Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo. 16Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo. 17Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo. 18Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale. 19(Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen. 20Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la? 21Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li? 22Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen. 23Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? 24Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite. 25Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.

Você sabia?
Café da manhã à beira do mar de Tiberíades
- Entre os reunidos à beira do mar de Tiberíades estavam Tomé, também chamado Dídimo — o equivalente grego de seu nome hebraico, que significa “gêmeo” — e Natanael, de Caná da Galileia, cujo nome significa “dom de Deus”. Natanael só é nomeado no Evangelho de João, que nunca inclui Bartolomeu na lista, e os dois têm sido identificados um com o outro. Também estavam ali os filhos de Zebedeu, Tiago e João, cujo pai era um pescador galileu, com dois barcos e servos contratados.Fontes: o próprio texto bíblico · Thomas · Nathanael · Zebedee
- Simão Pedro, que convida os outros a ir pescar, tinha sido treinado nesse ofício. Três vezes Jesus se dirige a ele como “Simão, filho de João”. O Easton's Bible Dictionary (1897) diz que o nome do pai deve ser lido “João”, como na Revised Version, e não “Jonas”.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter · Jonas
- Caná, cidade da Galileia perto de Cafarnaum e terra natal de Natanael, não é mencionada no Antigo Testamento. Alguns a identificam com Kana el-Jelil, oito ou nove milhas ao norte de Nazaré; outros, com Kefr Kenna, cerca de cinco milhas a nordeste de Nazaré e doze milhas em linha reta de Tiberíades. Natanael estava entre aqueles a quem Jesus se mostrou vivo depois da ressurreição, no mar de Tiberíades, e o capítulo chama essa ocasião de terceira aparição desse tipo aos discípulos.Fontes: o próprio texto bíblico · Cana · Nathanael
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org