João 18
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo. 2Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo. 3Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen. 4Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache? 5Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo. 6Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè. 7Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarèt la. 8Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo. 9Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi. 10Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.) 11Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a? 12Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li. 13Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a. 14Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la! 15Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la. 16Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre. 17Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a. 18Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou. 19Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo. 20Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt. 21Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di. 22Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la? 23Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen? 24Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la. 25Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a. 26Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li? 27Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante. 28Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan. 29Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè? 30Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou. 31Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn. 32Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre. 33Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye? 34Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa? 35Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè? 36Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. 37Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen. 38Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a. 39Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou? 40Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.

Você sabia?
A prisão e os julgamentos
- Jesus saiu com os discípulos, atravessou o vale do Cedrom e entrou num jardim que Judas, seu traidor, já conhecia, porque Jesus muitas vezes se reunia ali com eles. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) chama o Cedrom de “a torrente negra”, o riacho que corre pela ravina abaixo da muralha oriental de Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Brook Kidron
- Os soldados e os oficiais levaram Jesus primeiro a Anás, sogro de Caifás, o sumo sacerdote naquele ano, e Anás depois o enviou, ainda amarrado, a Caifás. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) diz que Anás fora sumo sacerdote de 7 a 14 d.C. e foi deposto pelo procurador romano; contudo, como a lei mosaica tornava o cargo vitalício, os judeus ainda podiam considerá-lo legalmente sumo sacerdote. O mesmo dicionário identifica Caifás como saduceu, no cargo durante toda a administração de Pilatos, e lembra que ele já havia aconselhado que seria melhor que um só homem morresse pelo povo.Fontes: o próprio texto bíblico · Annas · Caiaphas
- Pôncio Pilatos, o sexto procurador romano da Judeia (26–36 d.C.), tinha sede em Cesareia, mas subia com frequência a Jerusalém; naquela madrugada ele saiu do Pretório porque os judeus não queriam entrar e arriscar ficar impuros, impedidos de comer a Páscoa. Ofereceu soltar um preso na Páscoa, dizendo que era costume deles, mas exigiram Barrabás. Este capítulo chama Barrabás de insurreto, enquanto o Dicionário Bíblico de Easton (1897) o chama de ladrão notório e explica o nome como “filho de Abba” ou “filho de um pai”.Fontes: o próprio texto bíblico · Pontius Pilate · Barabbas
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Kidron · Hoje: Kidron River · 31.780, 35.240 · versículo 1
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículos 5, 7
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org