Nations Bible

João 11

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la. 2(Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.) 3De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad. 4Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a. 5Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza. 6Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a. 7Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide. 8Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò? 9Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a. 10Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li. 11Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li. 12Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri. 13Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè. 14Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri. 15Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li. 16Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li. 17Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou. 18Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. 19Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. 20Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. 21Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non. 22Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. 23Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò. 24Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. 25Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. 26Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? 27Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a. 28Lè Mat fin di sa, l' al rele Mari, sè l' la, li di l' nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li. 29Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. 30(Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.) 31Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a. 32Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri. 33Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann. 34Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non. 35Jezi kriye. 36Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non! 37Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri? 38Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li. 39Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a. 40Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye? 41Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. 42Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. 43Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò! 44Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale. 45Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li. 46Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè. 47Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak. 48Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an. 49Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen! 50Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove. 51(Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a. 52Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.) 53Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi. 54Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l' yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo. 55Fèt Delivrans jwif yo te prèt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm anvan fèt la pou yo te ka fè sèvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye. 56Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt: Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la? 57Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l' fè yo konnen pou yo ka arete li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Lázaro ressuscitado em Betânia

  • João situa Betânia, a aldeia de Lázaro e de suas irmãs Maria e Marta, a pouco menos de duas milhas de Jerusalém. O dicionário bíblico de Easton (1897) a localiza na encosta sudeste do monte das Oliveiras, no caminho de Jericó, e diz que o nome vinha das palmeiras que ali cresciam e que a aldeia era conhecida como el-Azariyeh, “lugar de Lázaro”.Fontes: Bethany · o próprio texto bíblico
  • Tomé, um dos doze, também era chamado Dídimo, o equivalente grego do seu nome, que significa “gêmeo”. Quando Jesus resolveu voltar à Judeia, onde pouco antes tinham tentado apedrejá-lo, Tomé disse aos outros discípulos: “Vamos nós também, para morrermos com ele”.Fontes: Thomas · o próprio texto bíblico
  • Depois que alguns contaram o que Jesus tinha feito, os principais sacerdotes e os fariseus reuniram o Sinédrio, com medo de que, se todos cressem em Jesus, os romanos lhes tirassem o lugar e a nação. Caifás, sumo sacerdote naquele ano e, segundo o dicionário bíblico de Easton (1897), um saduceu que ocupou o cargo de 27 a 36 d.C., disse que era melhor que um homem morresse pelo povo do que perecesse a nação inteira. João diz que, como sumo sacerdote naquele ano, ele profetizava que Jesus morreria pela nação, e daquele dia em diante tramaram matá-lo.Fontes: Caiaphas · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 7, 8, 54
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 18, 54, 55
  • Ephraim · Hoje: Taybeh · 31.954, 35.300 · versículo 54

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.