Jeremias 5
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Mache toupatou nan lavil Jerizalèm. Louvri je nou! Gade sa k'ap fèt! Chache sou tout plas piblik yo! Eske nou jwenn yon nonm, yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn, m'ap padonnen tout lavil la. 2Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun. 3Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou! 4Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. 5Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito. 6Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatcha li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye! 7Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès. 8Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo. 9Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di sa 10Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye. 11Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 12Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou! 13Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l' tonbe. 14Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m': -Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt. 15Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di. 16Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè. 17Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe. 18Men sa Seyè a di ankò: -Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt. 19Lè y'a mande poukisa Seyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou. 20Seyè a di ankò: -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo. Men sa pou ou fè moun Jida yo konnen. Di yo konsa: 21Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande. 22Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'. 23Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'. 24Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne. 25Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo. 26Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun. 27Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa. 28Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere. 29Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 30Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè. 31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?

Você sabia?
Juízo sobre a Injustiça e a Falsidade de Jerusalém
- Deus ordena uma busca pelas ruas e praças públicas de Jerusalém para ver se existe ao menos uma pessoa que pratique a justiça e busque a verdade, prometendo perdoar a cidade se uma for encontrada. Jeremias observa que nem o povo comum nem os líderes poderosos conhecem ou seguem os caminhos do SENHOR.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
- Jeremias adverte sobre uma invasão iminente por uma nação antiga e distante, cuja língua Judá não compreende. Embora esse exército invasor vá devastar colheitas, rebanhos e cidades fortificadas, o SENHOR afirma que não destruirá Seu povo por completo.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo condena as elites corruptas que enriquecem por meio do engano, comparando suas casas a gaiolas cheias de aves capturadas. Eles são repreendidos por negligenciarem a justiça, especialmente por não defenderem os direitos dos órfãos e dos necessitados.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org