Jeremias 46
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Men mesaj Seyè a bay pwofèt Jeremi sou lòt nasyon yo: 2Mesaj sou peyi Lejip. Men sa li di sou lame farawon Neko, wa peyi Lejip ki te lavil Kakemich, bò larivyè Lefrat. Se lame sa a Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te bat byen bat. Lè sa a, Jojakim, pitit Ozyas la, te gen katran depi li te wa nan peyi Jida. 3Ofisye lame Lejip la ap bay lòd: -Pare plak pwotèj yo, gwo kou piti, pou pare kou! Annavan pou batay la! 4Sele chwal yo. Kavalye, moute sou yo. Mete nou an ran, kas nou nan tèt nou. File pwent frenn nou yo. Mete rad an fè pou fè lagè nou sou nou. 5Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè. 6Sa ki kouri yo p'ap sove, vanyan sòlda yo p'ap chape. Nan nò, bò larivyè Lefrat la, yo bite, yo tonbe. 7Kilès sa a k'ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k'ap desann, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou? 8Se peyi Lejip k'ap gonfle kò l' konsa, tankou dlo larivyè Nil, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou. Lejip te di: M'ap gonfle, m'ap kouvri tout latè. M'ap kraze tout lavil yo ansanm ak tout moun ki rete ladan yo. 9Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza. 10Paske, sa se jou Seyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l' yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat. 11Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou. 12Moun lòt nasyon yo pran nouvèl gwo wont ki rive nou an. Toupatou sou latè yo tande rèl nou. Vanyan sòlda yo ap bite yonn sou lòt, y'ap tonbe atè ansanm. 13Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la: 14-Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou. 15Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt? Se Seyè a ki lage l' atè! 16Li fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt. Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou! Ann chape anba nepe lènmi yo! 17Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non. Yo rele l': Paladò. Li kite lè a pase! 18Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a. 19Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l'. 20Peyi Lejip te tankou yon bèl gazèl. Men, yon tanwouan soti nan nò vin atake l'. 21Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo. 22Peyi Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun, l'ap kouri ale lè lame lènmi l' yo ap pwoche. Y'ap atake l' ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa. 23Yo mete tout gwo rakbwa yo atè, rakbwa kote moun pa t' ka antre a. Lènmi yo anpil, ou pa ka konte yo. Sòlda yo pi plis pase yon lame krikèt. Se Seyè a menm ki di sa. 24Moun Lejip yo wont, pèp ki soti nan nò a kraze yo. 25Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l' yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li. 26M'ap lage yo nan men moun ki soti pou touye yo a, nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ak lame moun pa l' yo. Men, apre sa, moun va rete nan peyi Lejip la tankou nan tan lontan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 27Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò. 28Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.

Você sabia?
O julgamento do Egito e a Batalha de Carquêmis
- Jeremias data esta profecia no quarto ano do rei Jeoaquim de Judá, quando Nabucodonosor da Babilônia derrotou o faraó Neco do Egito em Carquêmis, junto ao rio Eufrates. Esse confronto decisivo marcou uma grande mudança de poder na região, encerrando o domínio egípcio sobre as terras vizinhas.Fontes: o próprio texto bíblico · Carchemish · Jehoiakim
- O capítulo utiliza a cheia anual do rio Nilo como imagem do avanço militar orgulhoso do Egito sobre a terra. Também adverte importantes cidades egípcias como Mênfis (chamada Nofe em hebraico), a antiga capital do Baixo Egito, sobre a devastação e o exílio vindouros.Fontes: o próprio texto bíblico · Nile · Memphis
- A profecia prediz uma invasão babilônica direta contra o Egito sob a liderança de Nabucodonosor. O julgamento anunciado dirigia-se não apenas ao faraó e suas forças, mas também a Amom, a principal divindade de Tebas, e aos outros deuses do Egito.Fontes: o próprio texto bíblico · Nebuchadnezzar
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 2, 13, 18, 26
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 2, 8, 9, 11, 13, 14, 17, 18, 19, 20, 21, 22, 23, 24, 25, 26
- Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículos 2, 6, 10
- Nile · Hoje: Nile River · 31.465, 30.367 · versículos 7, 8
- Cush · Hoje: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 9
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 11
- Memphis · 29.849, 31.253 · versículos 14, 19
- Tahpanhes · Hoje: Tell Defenneh · 30.861, 32.171 · versículo 14
- Mount Carmel · 32.672, 35.023 · versículo 18
- Mount Tabor · Hoje: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículo 18
- Thebes · 25.721, 32.610 · versículo 25
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org