Jeremias 39
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou. 2Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a. 3Lè sa a, tout gwo chèf wa Babilòn yo antre nan lavil la, yo pran pozisyon nan Pòtay Mitan an: Te gen Negal Sarezè, Samga-Nebo, Sasekim, ki te chèf nèg konfyans wa yo, yon lòt Negal-Sarezè ki te chèf konseye yo ansanm ak tout lòt gwo chèf wa Babilòn yo. 4Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo soti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an. 5Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas. 6Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou. 7Apre sa, li fe yo pete de je Sedesyas. Lèfini, li fè yo mare l' ak de chenn kwiv pou yo mennen l' Babilòn. 8Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm. 9Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn. 10Men, li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay. 11Men Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, bay Neboucharadan, chèf lagad la lòd sa a pou Jeremi: 12-Chache kote Jeremi ye. Pran swen li byen. Pa fè l' anyen. Okontrè, tout sa l'a mande, w'a ba li l'. 13Se konsa Neboucharadan, chèf lagad la, Nebouchasban, chèf nèg konfyans yo, Negal-Sarezè, chèf konseye yo, ansanm ak tout lòt chèf wa Babilòn yo 14voye chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l' rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la. 15Antan Jeremi te nan prizon nan lakou gad palè yo, Seyè a te pale avè l' pou di l' konsa: 16-Al pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letiopi a. W'a di li men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay. 17Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo. 18Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Seyè a ki di sa.

Você sabia?
A Queda de Jerusalém e o Destino dos Sobreviventes
- Ribla, onde o rei Zedequias foi julgado por Nabucodonosor, era uma cidade estratégica às margens do rio Orontes, na terra de Hamate. Situada na principal rota de caravanas entre a Palestina e o Eufrates, serviu como quartel-general babilônico durante o cerco de Jerusalém.Fontes: Riblah · Hamath · o próprio texto bíblico
- Os oficiais babilônicos que entraram em Jerusalém ostentavam altos títulos de corte, como Rabe-Mague e Rabe-Saris. Registros e inscrições babilônicas associam o oficial Nergal-Sharezer a Neriglissar, que mais tarde ocupou o trono da Babilônia após o filho de Nabucodonosor.Fontes: Nergal-sharezer · o próprio texto bíblico
- Enquanto o rei Zedequias foi capturado nas campinas de Jericó ao fugir em direção ao Arabá, Nabucodonosor ordenou a Nebuzaradã que protegesse Jeremias. O profeta foi libertado do pátio da guarda e confiado a Gedalias, enquanto o cuchita Ebede-Meleque também recebeu a promessa de livramento divino.Fontes: Nebuzar-adan · Arabah · Jericho · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 3, 5, 6, 7, 9, 11, 13
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3, 8
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 4
- Chaldea · 30.962, 46.104 · versículos 5, 8
- Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 5
- Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 5
- Riblah · Hoje: Rableh · 34.460, 36.573 · versículos 5, 6
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org