Nations Bible

Jeremias 33

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè kote gad yo ye a lè Seyè a pale avè l' ankò. Li di l': 2-Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe l' nan plas li. Se mwen menm yo rele Seyè a. Men sa mwen di: 3Rele m', m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t' janm konnen. 4Wi, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l'. 5Gen moun ki soti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste. 6Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje. 7M'ap fè peyi Izrayèl ak peyi Jida kanpe ankò. Zafè yo pral mache tankou nan tan lontan. 8M'ap mete yo nan kondisyon pou yo sèvi m', m'ap wete tout peche yo te fè kont mwen yo. M'ap padonnen tou sa yo te fè ki mal lè yo t'ap fè wòklò avè m' lan. 9Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m' kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi. 10Seyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l'. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò 11vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan tanp Seyè a. Y'a di: Lwanj pou Seyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l' te ye anvan an. Se Seyè a ki di sa. 12Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje. 13Nan lavil ki nan mòn yo, nan lavil ki nan plenn yo bò lanmè a ak nan sid peyi a, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk nan vwazinaj Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, gadò mouton yo va fè mouton pase devan yo yonn apre lòt pou konte yo. Se Seyè a menm ki di sa. 14Seyè a di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo. 15Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri. 16Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an. 17Seyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki soti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la. 18Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m' nan tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou. 19Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l': 20-Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non. 21Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m' lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fotèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m' yo. Kontra sa yo p'ap janm kase. 22Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m' lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m' yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. 23Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l': 24-Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l' tankou yon nasyon ankò. 25Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen fè yon kontra ak lajounen, mwen fè yon kontra ak lannwit. Mwen bay regleman jan pou tout bagay nan syèl la ak sou latè a mache. 26Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m' lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki soti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.

Você sabia?

Promessas de Restauração e o Renovo de Davi

  • Jeremias recebeu estas profecias de consolo enquanto ainda estava detido no pátio da guarda, numa época em que casas e palácios reais de Jerusalém estavam sendo demolidos para reforçar as defesas contra as rampas de cerco babilônicas.Fontes: o próprio texto bíblico · Jeremiah
  • O capítulo promete o surgimento de um Renovo justo da linhagem de Davi para governar com justiça, comparando a fidelidade da aliança com Davi e com os levitas à estabilidade inalterável do ciclo do dia e da noite.Fontes: o próprio texto bíblico · David
  • Apesar da devastação geral, a profecia anuncia o retorno da alegria e da vida pastoril, garantindo que rebanhos voltarão a pastar e a ser contados na região montanhosa, nas colinas, no árido Neguebe e na terra de Benjamim.Fontes: o próprio texto bíblico · Negeb · Benjamin (patriarch)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 5
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 6, 10, 13, 16
  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 13
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 13

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.