Nations Bible

Jeremias 3

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa. 2Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo. 3Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont. 4Koulye a menm, n'ap vin di m': O wi, se mwen ki papa nou, nou te toujou renmen m' depi lè nou te piti. 5Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m'. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal. 6Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye. 7Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa. 8Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès. 9Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa. 10Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 11Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'. 12Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 13Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 14Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an. 15M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m' vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou. 16Apre sa, lè m'a fè n' peple nan peyi a, moun p'ap pale sou Bwat Kontra Seyè a ankò. Lide yo p'ap sou li, y'ap bliye l' nèt. Yo p'ap menm wè si li pa la. Yo p'ap fè yon lòt. 17Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fotèy Seyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Seyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an. 18Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a soti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a. 19Seyè a te di ankò: -Jan m' ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m' yo pral rele m' papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò. 20Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l', nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m'. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 21Yo tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo: Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele. Paske yo fin pèdi tèt yo, yo bliye Seyè a, Bondye yo a. 22Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Seyè a ki Bondye nou! 23Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Seyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la. 24Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi. 25Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Um chamado ao retorno das irmãs infiéis

  • Durante o reinado do rei Josias de Judá, Jeremias recebeu profecias que comparavam o reino do norte de Israel e o reino do sul de Judá a duas irmãs. Embora o reino do norte já tivesse sido repudiado por sua idolatria, Judá não aprendeu com o destino de sua irmã e retornou apenas em fingimento.Fontes: o próprio texto bíblico · Josiah
  • O profeta antevê uma restauração futura na qual o povo disperso é trazido de volta a Sião, a colina histórica de Jerusalém. Naquele tempo, a própria Jerusalém seria chamada de Trono do SENHOR, e a arca da aliança não seria mais lembrada nem reconstruída.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Jerusalem
  • Utilizando a imagem de leis matrimoniais e divórcio, o texto retrata o culto a deuses estrangeiros em colinas e debaixo de árvores verdes como infidelidade conjugal. Apesar dessa traição, o SENHOR convida repetidamente Seus filhos infiéis a reconhecerem a sua culpa e a retornarem para Ele.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 14
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 17

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.