Jeremias 14
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l': 2-Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe! 3Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo. 4Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt. 5Nan jaden, kabrit yo met ba, lèfini, yo sove kite ti kabrit yo, paske pa gen zèb pou yo manje. 6Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y'ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje. 7Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou. 8Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an? 9Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou! 10Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè. 11Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a. 12Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi. 13Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a. 14Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di. 15Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri! 16Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo. 17Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri. 18Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè. 19Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd. 20Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou. 21Chonje ki moun ou ye, pa meprize nou! Jerizalèm, se la fotèy pouvwa ou la chita. Pa avili l'. Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an. 22Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.

Você sabia?
A Grande Seca e os Falsos Profetas
- O capítulo começa com a descrição de uma severa seca por toda a terra de Judá, retratando servos enviados por nobres para buscar água que retornam com jarros vazios, enquanto os lavradores cobrem a cabeça em desespero diante do solo rachado.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jeremias lamenta a influência de falsos profetas em Jerusalém que asseguravam paz e imunidade contra a calamidade ao povo, embora Deus afirme que não os enviou e que a espada e a fome os consumiriam.Fontes: o próprio texto bíblico · Jeremiah · Jerusalem
- Em seu clamor pela terra assolada, Jeremias destaca que os ídolos estrangeiros não podem produzir chuva, afirmando que somente o Deus de Israel tem o poder de enviar chuvas e cumprir a Sua aliança.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 16, 21
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 19
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org