Juízes 16
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Yon lè Samson desann lavil Gaza, li wè yon jennès, li antre kay jennès la. 2Moun lavil Gaza yo vin konnen Samson te la nan lavil la. Yo mache chache l' toupatou, yo pase nwit la ap veye l' bò pòtay lavil la. Yo pa fè bri menm tout nwit la. Yo t'ap di nan kè yo: -N'ap tann solèy leve, lè sa a n'a touye l'. 3Samson rete kouche jouk nan mitan lannwit lan. Lè sa a, li leve, li pran de batan pòtay lavil la, li rache yo ansanm ak tout montan yo ak bwa travès ki te pase dèyè batan yo. Li mete yo sou zepòl li, li pote yo ale sou tèt mòn ki anfas lavil Ebwon an. 4Aprè sa, Samson tonbe damou pou yon fanm ki te rete nan Ravin Sorèk. Fanm lan te rele Dalila. 5Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan (01.100) pyès lajan. 6Se konsa, Dalila al di Samson: -Tanpri, di m' sa ki ba ou tout fòs sa a. Manyè di m' kouman yo ta ka mare ou pou kraze kouraj ou. 7Samson reponn li: -Si yo mare m' avèk sèt kòd tou nèf ki poko fin cheche m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 8Chèf moun Filisti yo pote sèt kòd tou nèf ki pa t' ankò fin cheche bay Dalila. Dalila mare Samson avèk kòd yo. 9Li te fè kèk moun kache nan yon lòt chanm, epi li rete konsa, li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson kase kòd yo. Moso kòd yo tonbe atè ou ta di fil boule nan dife. Konsa yo pa t' rive konnen sa ki te ba l' tout fòs sa a. 10Dalila di Samson: -Gade jan ou pase m' nan betiz! On ban m' manti! Tanpri, di m' non! Ki jan yo ka mare ou! 11Samson di l' konsa: -Si yo mare m' ak kòd tou nèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 12Dalila pran kèk kòd tou nèf, li mare Samson avèk yo, epi li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Li te mete moun yo kache nan lòt chanm lan. Men, Samson kase kòd ki te mare bra l' yo tankou si se te fil yo te ye. 13Dalila di Samson: -W'ap pase m' nan betiz toujou. W'ap ban m' manti. Tanpri, moutre m' kijan yo ka mare ou. Samson di l': -Si ou pran sèt très cheve m' yo ou trese yo ansanm epi ou kenbè yo ak yon gwo peny, m'ap pedi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 14Dalila fè l' dòmi. Li trese sèt très cheve l' yo ansanm, li sere yo byen sere avèk yon gwo peny, epi li rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson leve, li rache peny lan, li detrese cheve l' yo. 15Dalila di l' konsa: -Ou pa bezwen di ou renmen m' menm, paske ou pa sensè avè m'. Sa fè twa fwa ou pase m' nan betiz. Ou pa janm di m' ki bò ou jwenn tout fòs sa a. 16Chak jou li rete la nan kò Samson, l'ap plenyen nan tèt li. Samson pa t' kapab ankò, rete pou l' te mouri. 17Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun. 18Lè Dalila wè Samson te ba l' sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo: -Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m' sekrè a. Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo. 19Dalila fè dòmi pran Samson sou jenou l', li fè rele yon nonm ki koupe sèt très cheve Samson yo ra. Epi li seye fè fòs ak li. Men Samson te pèdi tout fòs li. 20Lè sa a, Dalila rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Msye leve, li t'ap di nan kè l' l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men, li pa t' konnen Seyè a pa t' avè l' ankò. 21Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an. 22Men, cheve l' te konmanse pouse ankò. 23Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou. 24Lè pèp la te wè Samson, yo t'ap fè lwanj pou bondye yo a. Yo t'ap di: -Bondye nou an fè nou mete men sou Samson lènmi nou an ki t'ap devaste peyi a, ki t'ap touye tout moun sa yo nan mitan nou. 25Kè tout moun te kontan. Yo di konsa: -Fè chache Samson pou n' ka pran plezi nou ak li. Y' al chache Samson nan prizon an, yo mennen l' devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l'. Yo mete msye nan mitan de gwo poto. 26Samson di ti bway ki te kenbe men l' lan: -Mennen m' bò de gwo poto ki kenbe tout tanp lan. Mete men m' sou yo pou m' ka fè yon ti apiye. 27Tanp lan te plen moun, fanm kou gason. Tout chèf moun Filisti yo te la. Te gen twamil (03.000) moun konsa, fanm kou gason, anwo twati a ki t'ap gade Samson, ki t'ap pran plezi yo ak li. 28Lè sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di: -O Bondye Seyè! Tanpri, chonje m' non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m' fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m' ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m' yo pete a. 29Epi Samson mete men l' sou de gwo poto mitan ki te kenbe tout tanp lan. Li apiye yon men l' sou chak. 30Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li. 31Frè l' yo ansanm ak tout fanmi l' yo desann vin pran kadav la. Yo pote l' tounen lakay yo, yo antere l' nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan (020 an) ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.

Você sabia?
A queda e morte de Sansão
- Dalila vivia no vale de Soreque, onde os líderes filisteus lhe ofereceram prata para descobrir a origem da força de Sansão. Consagrado como nazireu desde o nascimento, Sansão acabou revelando que o corte de suas sete tranças quebraria sua consagração e o deixaria sem forças.Fontes: Delilah · Samson · o próprio texto bíblico
- Os filisteus se reuniram em Gaza para comemorar a captura de Sansão e oferecer sacrifícios a Dagom, seu deus nacional. O Dicionário Bíblico de Easton descreve Dagom como uma divindade com corpo de peixe e cabeça e mãos humanas, com templos principais em Gaza e Asdode.Fontes: Dagon · Gaza · o próprio texto bíblico
- Após liderar Israel por vinte anos, Sansão foi recolhido por seus parentes e sepultado no túmulo de seu pai, Manoá. Essa sepultura ficava entre Zorá e Estaol, na região das terras baixas da Judeia.Fontes: Zorah · Eshtaol · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Gaza · Hoje: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículos 1, 2, 21
- Hebron · Hoje: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículo 3
- Valley of Sorek · Hoje: Nahal Sorek · 31.756, 35.050 · versículo 4
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org