Tiago 4
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou. 2Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye. 3Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman. 4Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye. 5Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li. 6Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li. 7Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. 8Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò. 9Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn. 10Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou. 11Frè m' yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li. 12Se Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye? 13Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis. 14Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt. 15Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa. 16Men, koulye a nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa. 17Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.

Você sabia?
Paixões, o mundo e a humildade
- O capítulo pergunta o que causa conflitos e brigas entre aqueles a quem se dirige e responde que vêm das paixões em guerra dentro deles. Diz que desejam o que não têm, matam e cobiçam, mas não conseguem obtê-lo, e brigam e lutam; não têm porque não pedem e, quando pedem, não recebem, porque pedem com motivos errados, para esbanjar isso nos próprios prazeres.Fontes: o próprio texto bíblico
- Chama-os de adúlteras e diz que a amizade com o mundo é hostilidade para com Deus, de modo que quem escolhe ser amigo do mundo torna a si mesmo inimigo de Deus. Cita as palavras de que Deus se opõe aos soberbos, mas dá graça aos humildes, e então manda que se submetam a Deus, resistam ao diabo para que ele fuja, aproximem-se de Deus para que ele se aproxime, limpem as mãos e purifiquem o coração.Fontes: o próprio texto bíblico
- Aos que dizem que irão a esta ou àquela cidade, passarão um ano ali, farão negócios e terão lucro, diz-se que nem sequer sabem o que acontecerá amanhã e que são uma névoa que aparece por um pouco e depois desaparece. Em vez disso, deveriam dizer: "Se o Senhor quiser, viveremos e faremos isto ou aquilo"; a jactância desses planos orgulhosos é chamada de mal, e quem sabe o que é certo fazer e não o faz é culpado de pecado.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org