Isaías 44
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an. 2Men sa Seyè ki te kreye nou an, Seyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: -Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an. 3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo. 4Yo pral pouse tankou zèb ki jwenn lapli, tankou banbou bò larivyè. 5Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou. 6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl. 7Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive. 8Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l'. 9Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita. 10Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'? 11Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont! 12Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò. 13Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp. 14Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l' grandi. 15Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe kò yo, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a yo fè yon bondye pou yo sèvi, yon estati pou yo mete ajenou devan l'. 16Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife! 17Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non! 18Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen. 19Moun k'ap fè zidòl yo pa kalkile nan tèt yo, yo pa konn anyen, yo pa gen konprann pou yo ta di: Mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen kwit manje sou chabon dife a. Mwen griye vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a mwen fè yon bagay k'ap avili m', yon zidòl. M'ap adore yon bout bwa! 20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye. 21Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou! 22Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou. 23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li. 24Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'? 25Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou. 26Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò. 27Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo. 28Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.
Você sabia?
O verdadeiro Deus, falsos ídolos e Ciro
- Isaías 44 apresenta uma crítica detalhada da idolatria, ilustrando a ironia de fabricar divindades a partir da madeira. Um carpinteiro derruba uma árvore e queima metade dela para assar pão, cozinhar carne e se aquecer, enquanto esculpe o restante em uma imagem e ora a ela pedindo livramento.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo se encerra com uma profecia específica que nomeia Ciro como o pastor de Deus encarregado de ordenar a reconstrução de Jerusalém e o lançamento dos alicerces do templo. Ciro, rei da Pérsia, conquistou a Babilônia em 538 a.C. e promulgou o decreto permitindo o retorno e a reconstrução judaica.Fontes: Cyrus · o próprio texto bíblico
- Deus se dirige ao povo usando tanto os nomes ancestrais Jacó e Israel quanto o título Jesurum. Apesar das origens humanas imperfeitas associadas ao patriarca Jacó, o texto assegura que Deus apagará seus pecados como uma névoa e derramará Seu Espírito sobre seus descendentes.Fontes: Jacob (Israel) · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org