Nations Bible

Isaías 4

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Jou sa a, sèt fanm pral kouri dèyè yon sèl gason, y'a di l': -Nou ka bay tèt nou manje. Nou ka biye tèt nou. Men, tanpri, kite nou di se mari nou ou ye pou nou pa wont devan moun! 2Jou sa a, Seyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pa t' mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo. 3Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm. 4Lè Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la. 5Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la. 6Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l' pou loray ak lapli pa fè l' anyen.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A purificação e restauração de Sião

  • O monte Sião era uma das elevações naturais sobre as quais Jerusalém foi construída. Conquistado dos jebuseus por Davi, ficou conhecido como a Cidade de Davi e, nos escritos proféticos, representa com frequência o centro da comunidade santa.Fontes: Mount Zion · Jerusalem · o próprio texto bíblico
  • O capítulo inicia com as consequências de um conflito devastador, no qual sete mulheres suplicam para levar o nome de um único homem enquanto provêm seu próprio sustento e vestes, buscando apenas afastar a sua desonra social.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Isaías retrata a restauração divina por meio da imagem de uma cobertura protetora sobre o monte Sião, manifestada como nuvem de fumaça de dia e fogo resplandecente à noite, oferecendo abrigo e refúgio aos que estão inscritos para a vida.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 4
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 4
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 5

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.